Accessibility links

Breaking News

PM Kanada Oganize yon Rankont pou Diskite sou Sityasyon Ayiti


Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau nan yon konferans Nasyonzuni nan Nouyok, 21 Sept. 2022.
Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau nan yon konferans Nasyonzuni nan Nouyok, 21 Sept. 2022.

Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau rankontre ak Gwoup Repons ak Ensidan peyi a pou diskite sou sityasyon an an Ayiti, dapre yon not pou lapres Primatu Canada a pibliye Madi 18 Oktob la.

Dapre not de pres la - gwoup la te resevwa ranseyman sou sakap pase an Ayiti, epitou sou demann Premye Minis Ariel Henry fe pou asistans. Premye Minis la ak manm kabine li eksprime gwo ke sote yo genyen pou ensekirite a kap deteryore, ansanm ak kriz imanite a epi aktivite gang yo ki lakoz prensipal teminal petwol la bloke epi gen akse limite ak dlo postab, medikaman ak lot pwodwi premye nesesite.

Gwoup la te resevwa ranseyman tou sou kontribisyon Kanada ak Etazini bay Polis Nasyonal Ayiti a pou pwoteje epi sevi pep Ayisyen an. Se yon operasyon ayeryen milite konjwen Kanada ak Etazini ki te transpote ekipman sekirite sa a. Ladann te gen machin blende, taktikal, ak lot materyo Gouvenman Ayisyen achte nan men 2 peyi yo pou ede retabli sekirite.

Gwoup la diskite tou sou lot opsyon diplomatik, ak imanitè yo taka anplwaye pou stabilize peyi a epi mennen devan la jistis moun ki responsab pou sityasyon kawotik la.

Dapre not de près la, Depatman ak ajans ki te prezan nan rankont la te gen kom misyon jwenn lot opsyon Kanada taka anplwaye pou ede Ayiti an kowoperasyon ak alye yo ak patne yo - selon bezwen ki egziste yo epi sityasyon aktyel la an Ayiti.

Premye Minis Trudeau ak minis li yo fè konnen Kanada pran angajman pou'l kontinye travay de pre ak patnè rejyonal ak entènasyonal la pou apiye stabilite Ayiti, devlopman epitou pou jwenn yon solisyon Ayisyèn pou kriz peyi a epi ankouraje yon diyalog politik enklizif pami tout aktè politik Ayisyen yo.

XS
SM
MD
LG