Accessibility links

Breaking News

Konsèy Sekirite LONU Anvizaje Pran Sanksyon kont Chèf Gang Ayisyen 'Barbecue'


Foto Achiv: Ansyen polisye Ayisyen Jimmy "Barbecue" Cherizier, chef kowalisyon gang G9 la.
Foto Achiv: Ansyen polisye Ayisyen Jimmy "Barbecue" Cherizier, chef kowalisyon gang G9 la.

Konsèy Sekirite Nasyonzini an ap konsidere kreye sanksyon ki ta bloke byen, bloke vwayaj epi mete yon anbago zam kont nempòt moun ki menase lapè, sekirite oubyen stabilite Ayiti. Se sa ki nan yon pwojè rezolisyon Reuters te wè 13 Oktòb.

Premye moun sanksyon sa yo ta vize se Jimmy Cherizier alyas "Barbecue" ke pwojè rezolisyon an ke Etazini ak Meksik patwone ansanm dekri tankou youn nan chèf gang Ayisyen ki gen plis enfliyans yo.

Pwojè rezolisyon an di: "Cherizier ak konferasyon gang G9 li a ap bloke aktivman mouvman lib petwòl nan teminal Varreux a. Aksyon li yo kontribye direkteman a blokis ekonomik la epi kriz imanite Ayiti."

Mwa pase a, gang yo te bloke antre Varreux pou pwoteste kont anons gouvenman an te fe pou di lap sispann sibvansyone gaz la. Kantite petwòl sou mache a te diminye anpil pandan ke Ayisyen ap fe fas ak yon rate dlo potab epi kolera reparet nan peyi a.

Sekrete d Eta Antony Blinken deklare Jedi: "Youn nan defi nap eseye leve se koneksyon ant ensekirite a ak gang yo epi kek boujwa andedan ak andeyò Ayiti ki apiye yo e k ap pase lòd pou rezon pesonel."

Pandan yon konferans pou lapres ak responsab Meksiken yo, li te ajoute: "Nap travay ansanm nan Nasyonzini pou enpoze sanksyon kont moun kap pran aksyon sa yo ki apiye zak vyolans epi gang yo."

Sekrete Jeneral LONU, Antonio guterres pwopoze pou youn oubyen plizye peyi kole tet ansanm pou voye yon fòs aksyon rapid pou ede lapolis Ayisyen elimine menas gang yo poze a.

Nan mwad Jiye a, konsey la te menase pou'l adopte sanksyon presi kont gang kriminel yo ak moun kap abize dwa moun an Ayiti, e li te lanse apel bay peyi yo pou sispann voye zam nan peyi a.

Semen pase a, Depatman d Eta te anonse restriksyon viza kont yon gwoup moun ke li di ap apiye gang yo.

Sekrete d Eta Adjwen Brian Nichols, ki te dirije yon delegasyon responsab ki te pase 2 jou an Ayiti deklare nan yon entevyou na televizyon ke Barbecue ak gang G9 la kontribye direkteman a lanmò Ayisyen yo.

Nichols di: "Ye, Etazini mete 11 moun anba restriksyon viza." Sepandan, Nichols pa nomen moun sanksyon sa a vize.

Konsey Sekirite a ap fe reyunion Lendi 17 Oktòb nan apremidi, pou diskite e petet vote sou pwoje rezolisyon sa a.

XS
SM
MD
LG