Accessibility links

Breaking News

Gang G9 la Fè Gouvènman Ayisyen an Egzijans


Foto Achiv: Jimmy Cherizier, alyas Barbecue, lide gang "G9 Fanmi ak Alye" a kanpe nan La Saline, Potoprens, Vandredi 22 Oktob 2021.
Foto Achiv: Jimmy Cherizier, alyas Barbecue, lide gang "G9 Fanmi ak Alye" a kanpe nan La Saline, Potoprens, Vandredi 22 Oktob 2021.

Gang pwisan Ayisyen G9 la dozado ak gouvènman Ariel Henry a e lap teste konbyen pouvwa li genyen.

Gang la menase pou paralize peyi a pi plis toujou. Gen dè milyon moun kap redi deja pou jwenn dlo ak gaz.

Jimmy Cherizier, ex-polisye PNH kap dirije alyans gang G9 ak Fanmi an pwopoze plan pa li pou avni Ayiti. Limenm ap chache syèj nan Kabinè a, pandan li mande gouvènman Premye Minis Ariel Henry ba li amnisti epi anile manda d arè yo lanse kont limenm ak manm gang li an. Demann sa a poko jwenn okenn repons.

Nan mitan mwad Septanm nan, gang lan te sènen tèminal petwol Varreux a pou fose Henry demisyonen epi pwoteste kont ogantasyon pri petwol la apre anons premye minis la te fè pou di leta tapral sispann sibvansyone gaz la.

Mezi sa a, ansanm ak dè milye manifestan ki monte barikad nan lari kapital la, Potoprens ak lot gran vil peyi a koze gwo rate. Lopital yo oblije redwi sèvis yo, stasyon gaz yo fèmen epi bank ak sipèmache yo limite orè fonksyonman yo.

Gang la mande pou l gen pos nan Kabinè Henry a tou, dapre direktè Dezameman Nasyonal Ayiti a ki te pale sou sa sou radio Magik 9 Jedi.

Robert Fatton, yon ekspè politik Ayisyen kap travay nan Inivèsite Vijini di sa montre pouvwa gang yo genyen.

"Se an menm tan yon sentom ke yo krenn sa k ap vini an," Fatton ajoute.

Henry ak 18 manm kabinè li a mande kominote entènasyonal la deplawye twoup etranje pou ede'l jere zak vyolans yo epi mete fen nan blokis tèminal petwol la. Konsèy Sekirite Nasyonzini an gen pou diskite ofisyèlman sou demann sa a Lendi 17 Oktob.

G9, ki rive vannan polis nasyonal la, ki pa gen anpil resous ni anplwaye, pwobableman pè deplwaman potansyèl twoup ame espesyalize, dapre Fatton.

Li di: "Yap eseye negosye pi bon antant posib la pandan yo gen kontwol pouvwa a."

Demann gang yo se pa yon bagay nouvo pou Ayiti, e kap yo pran van apre asasina Prezidan Jovenel Moise nan mwad Jiyè 2021.

Sepandan nan pase a, fos mentyen lapè LONU yo te rive kontwole yo vit e prese.

Apre revolt ki te dechouke Prezidan Jean Bertrand Aristide sou pouva a, Prezidan Rene Preval te pase lod bay gang yo pou yo depoze lèzam. Nan komansman sete yon mouvman pasifik men apre li pat jwenn okenn rezilta, li te menase yo.

Fatton di: "(Preval) di yo si nou pa depoze zam nou, nou pral mouri. Gen kèk gang ki te aksepte solisyon an e lot yo te detwi nèt."

Fatton di fos espesyal yo te sèvi ak dwon pou anvayi katye defavorize yo ke gang yo te kontwole depi lontan.

Fatton di tandiske demann pou bay federasyon gang Cherizier a pozisyon nan Kabinè a se yon "pwopozisyon moun fou" yon amnisti takapab gen ladann depoze zam taka yon bon solisyon.

Fatton di: "Konsa gouvènman an ta sove lafas epi gang yo ka di nou akonpli sa nou tap chache a. E se yon konpwomi."

Men gen anpil chans pou gouvènman Henry a rejte demann pou anile manda d'arè yo. Se yon bagay Cherizier ap chache depi lontan men manda sa yo an plas an koneksyon ak youn nan masak pi grav peyi a janm viv kote plizyè douzèn gason, fanm ak timoun te mouri.

XS
SM
MD
LG