Accessibility links

Breaking News

PAM: Yon Pati Popilasyon Ayiti nan Faz 'Kataswofik' Grangou


Foto Achiv: Timoun Ayisyen ki kouri kite kay yo akoz zak vyolans gang yo nan Site Soley, resevwa manje nan yo refij nan yon lekol nan Potoprens, 22 Jiye, 2022.
Foto Achiv: Timoun Ayisyen ki kouri kite kay yo akoz zak vyolans gang yo nan Site Soley, resevwa manje nan yo refij nan yon lekol nan Potoprens, 22 Jiye, 2022.

Pwogram Alimantasyon Mondyal la, PAM deklare mwatye popilasyon Ayiti ap fe fas ak enskirite alimintè ekstrèm. Li di se rezilta yon seri kriz ki bloke pèp Ayisyen an nan yon sik visye e ki lakoz moun ap vin de plizanpli dezespere, akoz yo pa gen aksè a manje, petwol, mache yo, travay ni dlo potab.

Oganizasyon Manje ak Agrikilti Nasyonzini an (FAO) ak WFP eksprime gwo kè sote yo genyen pou sityasyon an.

Jean-Martin Bauer se Direktè Pwogram Alimantè Mondyal an Ayiti.

"Ayisyen pase kont mizè yo ane sa a. Premyeman akoz zak vyolans gang yo, pri manje a ak lavichè, pandan 4 semèn ki pase yo peyi a bloke nèt. Lekol fèmen. Lopital fèmen, Kiltivatè yo gen difikilte pote machandiz yo nan mache pou vann. Tout sa lakoz yon sityasyon ki trè frajil. Ayiti bezwen sipo kounyela a."

PAM di analis yo estime gen 4,7 milyon moun ki grangou epi 1,8 milyon nan yo nan stad ijans la. Li di pou premye fwa an Ayiti, gen 19,000 moun ki nan faz Katastwofik la. Li site kom egzanp Cite Soleil.

Nanceline Michel, 30 an, manman 2 pitit di si se pat pou lajan yo prete l li patap ka achte manje pou timoun ni yo.

Tandiske gen oganizasyon imanite ki kontinye ap opere an Ayiti, rate gaz la ak zak vyolans yo ralanti operasyon sa yo.

FAO vle ogmante operasyon li yo an Ayiti lè li kapab.

XS
SM
MD
LG