Accessibility links

Breaking News

Gwoup Relije yo Redwi sou Travay yo an Ayiti Akoz Ensekirite, Kidnapping


Foto Achiv: Manadje Christian Aid Ministries pale ak yon travaye devan barye Titanyen an, o no Potoprens, Dimanch 21 Nov. 2021.
Foto Achiv: Manadje Christian Aid Ministries pale ak yon travaye devan barye Titanyen an, o no Potoprens, Dimanch 21 Nov. 2021.

Yon lane apre gang te kidnape 17 misyone an Ayiti, òganizasyon ki te voye yo nan peyi a poko reprann travay li tout bon.

Gen lòt gwoup entenasyonal ki redwi pesonel yo nan peyi a tou.

Apre yon tan, gang yo te libere otaj yo men kidnaping lan te jete yon limye sou ensekirite a.

Premye Minis Ariel Henry lanse apel pou yon fòs etranje vinn ede peyi a jere gang yo ak manifestasyon yo.

Plizye òganizasyon relije di kapasite anplwaye yo genyen pou ede popilasyon an limite anpil.

Yo di Ayisyen ap redi pou kontinye kenbe lafwa nan moman difisil sa a.

XS
SM
MD
LG