Accessibility links

Breaking News

Lamezonblanch: "Ayiti Enpòtan Nan Je Nou"


Yon gason pote yon pankat ki di "Pep la Pa Vlew Ariel" an palan de Premye Minis Ariel Henry. Manifestan yo ap mande pou li bay demisyon ni. 7 Sept. 2022.
Yon gason pote yon pankat ki di "Pep la Pa Vlew Ariel" an palan de Premye Minis Ariel Henry. Manifestan yo ap mande pou li bay demisyon ni. 7 Sept. 2022.

Pandan yon rankont Mekredi ak jounalis Ameriken ki fè repòtaj sou Ayiti, responsab wo plase la Mezonblanch deklare "Ayiti gen enpòtans nan je nou e ke Prezidan Joe Biden ak Vis Prezidan Kamala Harris "trè konsantre" sou sakap pase an Ayiti. Responsab la di Etazini vle evite ere ki te fèt nan pase a. Epitou Ameriken ap travay ak kominote entenasyonal la pou fè fas ak pwoblem kap trakase Ayiti.

Restriksyon viza

Lamezonblanch anonse restriksyon viza kont plizyè aktyèl e ansyen responsab gouvènman Ayisyen kap antre ann aplikasyon tou swit.

Mezi sa a ki pral afekte non sèlman pèsonaj presi men tou, pitit yo ak manm fanmi yo. Mezi sa a fè pati jefò Etazini ap fè pou’l egzije moun ki responsab pou ensekirite ki bloke peyi a depi lontan, pran responsabilite.

Yon resonsab wo plase Lamezoblanch pat vle bay plis presizyon sou kiyès restriksyon viza sa yo vize egzakteman ni konbyen moun ki sou lis la. Sepandan li di ke yon fwa restriksyon yo an plas lap trè difisil pou wetire yo.

Eske Etazini ap voye militè?

Pa rapò ak demann Ayiti fè pou voye yon fos militè entènasyonal ede’l jere ensekirite a, responsab Lamezonblanch la di Etazini ap « pran anpil prekosyon » e ke pou kounyea lap konsantre sou asistans imanite pou fè fas ak ensekirite alimantè a epi epidemi kolera a.

Pòt pawòl Lamezonblanch la, Karine Jean Pierre te pale sou sa pandan rankont li ak lapres Madi.

Li di Etazini ak patnè entènasyonal li yo ap etidye mwayen yo ka anplwaye pou fè moun kap komèt zak vyolans yo ak sa yo ki apiye yo pran responsabilite. Jean Pierre di Etazini ap egzamine tou fason pou ede Ayiti rezoud pwoblèm rate gaz la. Li di pi gwo priyorite Etazini pou kounyea se asire asistans imanitè rive jwen pèp Ayisyen an.

Eske opinyon dyaspora a konte?

Jounalis yo mande Lamezonblanch si reyaksyon diaspora Ayisyen nan enfluyanse desizyon lap pran sou Ayiti yo. Nou pa jwenn yon repons dirèk sou sa, men responsab la di Etazini pral apiye ak tout fòs li desizyon Konsèy Sekirite Nasyonzuni an pran sou Ayiti. Rankont LONU an fikse pou 17 Oktòb. Responsab la di nou Etazini ap travay ak Meksik sou yon pwojè rezolisyon.

Pa rapò ak si Etazini anvizaje voye twoup an Ayiti – responsab la di li twò bone pou pale sou sa. Li di Etazini travay pandan an eki pase a pou kore kapasite Polis Nasyonal Ayisyen nan e ke asistans pou jere ensekirite a ann Ayiti pa limite a yon prezans militè. Li di sa pral depann de sa pèp Ayisyen an vle.

Wo responsab la di nou tou, ke yon bato Gad Kòt Etazini ap fè patwouy nan lanmè Ayiti an kolaborasyon ak Ayiti pou kote yap ede nan jefò pou kontre trafik zam pa egzanp.

XS
SM
MD
LG