Accessibility links

Breaking News

Lamezon Blanch di L ap Egzamine Demann Ayiti Fè pou Voye yon Fòs Entènasyonal Ede l Jere Ensekirite a


Pòt pawòl Lamezonblanch la Karine Jean-Pierre koute pandan jounalis yo poze kestyon nan Lamezonblanch, Washington, 11 Oktob 2022.
Pòt pawòl Lamezonblanch la Karine Jean-Pierre koute pandan jounalis yo poze kestyon nan Lamezonblanch, Washington, 11 Oktob 2022.

Pòt pawòl Lamezonblanch la, Karine Jean Pierre deklare Madi 11 Oktòb, ke Etazini ap "egzamine" demann Ayiti fe pou voye yon fòs entenasyonal ede'l jere ensekirite a.

Li di Etazini ak patnè entènasyonal li yo ap etidye mwayen yo ka anplwaye pou fè moun kap komèt zak vyolans yo ak sa yo ki apiye yo pran responsabilite. Jean Pierre di Etazini ap egzamine tou fason pou ede Ayiti rezoud pwoblèm rate gaz la. Li di pi gwo priyorite Etazini pou kounyea se asire asistans imanitè rive jwen pèp Ayisyen an.

Karine Jean Pierre sou Demann Ayiti Fè pou Yon Fòs Entènasyonal Ede l Jere Ensekirite a
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:43 0:00

Jean-Pierre di jounalis yo: "Sa'm kapab di se ke nou gen anplwaye nou ki ap travay an Ayiti ansanm ak ONG yo epi travayè lasante Ayisyen pou ede yo fè fas ak epidemi kolera a epi swaye moun ki bezwen swen. Nap travay an Ayiti depi kek tan. Depi ane 2021 Etazini bay Ayiti plis pase $171 milyon asistans."

"Pandan 18 mwa ki pase yo Etazini bay Ayiti plis pase $90 milyon pou ranfòse kapasite li pou sekirize peyi a. Nou ofri asistans sa a pou apiye kapasite Polis Nasyonal la genyen pou'l fè fas ak kriz la."

Korespondan VOA nan Lamezonblanch Jorge Agobian ak Anita Powell kontribye a reportaj sa a

XS
SM
MD
LG