Accessibility links

Breaking News

VOA Esplike: Istwa Entèvansyon Etranje an Ayiti


Yon dam kriye tou pre kadav yon dam lapolis tire e touye pandan yon manifestasyon pou mande demisyon Premye Minis Ariel Henry nan zon Delmas, Potoprens, Lendi 10 Oktob, 2022.

Premye Minis Ariel Henry ak 18 manm kabinè li mande pou kominote entènasyonal la deplwaye tou swit twoup entènasyonal pou fè fas ak gang yo epi manifestan ki paralize peyi a.

Gaz, dlo ak lot pwodwi premye nesesite diminye anpil prèske yon mwa apre youn nan gang pi pwisan peyi a bloke aksè ak prensipal tèminal petwol la nan Potoprens, kote yo sere plis pase 10 milyon galon gazolin ak gaz dizèl, ansanm ak plis pase 800,000 galon kerosèn.

Met sou sa, manifestan yo bloke wout ozalantou kapital la ak lot vil peyi a pou mande Henry bay demisyon li epi pou pwoteste kont pri gaz la ki monte 17 wotè. Mobilizasyon sa a fèt apre premye minis la te anonse nan komansman mwad Septanm nan ke administrasyon li an patka kontinye sibvansyone petwol la.

Stasyon gazolin yo ak lekol yo rete fèmen. Bank yo ak sipèmache yo ap opere dapre yon skedil limite.

Sekretè jeneral Nasyonzini voye yon lèt bay Konsèy Sekirite a kote li ofri divès opsyon - pami yo deplwaman yon fos aksyon rapid.

Opozan yo di Henry espere sèvi ak twoup etranje yo pou rete sou pouvwa a. Li te monte nan pos sa a, apre asasina Prezidan Jovenel Moise ane pase a. Anpil moun konsidere'l kòm ilejitim paske yo di li pat janm eli ni resevwa konfimasyon ofisyèl palman an. Henry pa resi fikse yon dat pou eleksyon, ki pa dewoule an Ayiti depi Novanm 2016. Sepandan li pwomèt pou'l fè sa osito ke li rive jere ensekirite a.

Men yon lis entèvansyon etranje ki fèt an Ayiti nan pase a, ak enpak yo te genyen sou peyi a, ki gen yon popilasyon plis pase 11 milyon moun.

Konbyen Entevansyon Militè Etranje ki Fèt an Ayiti?

Depi komansman ane 1900 yo te gen omwens 3 gwo entèvansyon militè etranje an Ayiti ke Lèzetazini ak Nasyonzini te fè.

Etazini te okipe Ayiti an premye ant 1915 ak 1934.

Prèske 60 an pita, LONU te lanse yon fos mentyen lapè an 1993. Apre sa twoup Ameriken te debake an 1994. Te gen yon lot entèvansyon an 2004. Premye nan seri entèvansyon sa yo sete pou retabli Prezidan Jean-Bertrand Aristide sou pouvwa a. Dezyèm nan sete apre yon revolt ki te wetire'l sou pouvwa a.

Kisa ki te Debouche sou Entèvansyon yo?

Entèvansyon yo te fèt nan peryod kote te gen gwo enstabilite politik.

Gen 7 prezidan Ayisyen ki te swa ranvèswa, swa asasinen sou pouvwa a ant ane 1911 ak 1915, e sa te lakoz Prezidan Woodrow wilson te voye Merin Ameriken an Ayiti an 1914.

Etazini te pran yon demi milyon dola nan Bank Nasyonal Ayiti ke li te "sofgade" nan Nouyòk. Yon okipasyon ofisyèl Ameriken te tanmen nan mwad Jiyè 1915 e li te dire jiska mwad Out 1934.

Nan mwad Septanm 1994, Etazini te voye plis pase 20,000 twoup ak 2 bato lagè an Ayiti nan kad yon operasyon ke li te rele "Restore Demokrasi" - sete anba gouvènman Prezidan Bill Clinton. Objektif la sete retabli Aristide, ke lame a te ranvèse nan yon kou d eta an 1991 sou pouvwa a. Aristide sete premye prezidan ki eli demokratikman an Ayiti an 1990. Yon ti kontenjan twoup Ameriken te rete an Ayiti jiska ane 2000, souvan anba kad Nasyonzuni.

Yon jefò paralèl mentyen lapè Nasyonzini te tanmen nan mwad Septanm 1993 e li te dire jiska ane 2000.

Aristide te pèdi pouvwa a anko nan mwad Fevriye 2002, nan yon revolt yon gang popilè te tanmen. Etazini, ki te ankouraje li bay demisyon l, te mete Aristide nan yon avyon epi voye twoup - ansanm ak Kanada, La Frans ak Chili. San pèdi tan twoup Misyon Stabilizasyon Nasyonzini an Ayiti a (MINUSTAH) te ranplase yo epi rete nan peyi a jiska 2017.

Ki Enpak Entèvansyon Etranje yo Genyen sou Ayiti?

Robert Fatton, yon ekspè politik Ayisyen kap travay nan Inivèsite Vijini di ke an jeneral: "okipasyon yo pa vreman amelyore anyen an Ayiti."

Fatton di okipasyon ane 1915-1934 la te kreye yon fòs militè inifye Ayisyen, ki te tounen pi ta yon fòs dominan jiskaske rejim diktati Francois Duvalier a ak pitit gason ni, Jean Claude Duvalier te dirije peyi a ant 1957 ak 1986.

Okipasyon an te tabli tou yon espèz de travo fòse (kòve) kote responsab Ameriken yo te sèvi ak peyizan pou konstwi wout, ray tren ak lòt enfrastrikti.

Dapre Fatton okipasyon an te santralize tout bagay e li te "trè rasis".

Fatton di dezyèm entèvansyon an an 1994 te pi popilè paske li te ede restore Aristide, yon pèsonaj politik karismatik ak ansyen prèt Katolik, sou pouvwa a.

Sepandan, te gen 2 tantativ kou deta pandan okipasyon sa a ki te lakoz kawo politik la te vinn pi grav.

Misyon mentyen lapè LONU an ant 2004 ak 2017 te chaje ak akizasyon abi seksyèl bò kote twoup yo ak anplwaye LONU yo. Met sou sa, Ayisyen te blame solda Nepal yo pou entwodiksyon kolera nan pi gwo rivye peyi a nan mwad Oktòb 2010. Nasyonzini te fini pa admet li te jwe yon wòl nan epidemi a, e ke li pat fe ase pou konbat li, men li poko janm admet ke se limenm ki te pote maladi a ann Ayiti.

Fatton di tandiske misyon Nasyonzini an te tabli "yon ti kras lòd" an Ayiti li te yon "òganizasyon trè represiv".

Fatton di: "Yo te detwi gang yo pa lafòs. Yo kite yon move gou nan bouch Ayisyen, ki tap viv bò kote gang sa yo nan katye defavorize yo. "Kit ou te manm gang lan ou pa, ou te soufri konsekans yo," dapre Fatton.

XS
SM
MD
LG