Accessibility links

Breaking News

Ayiti Mande Asistans yon Fòs Zame Entènasyonal pou Konbat Gang yo


Foto: Yon manifestan pote yon baton bwa pandan yon manifestasyon pou mande Premye Minis Ariel Henry bay demisyon li nan Petion-Ville, Ayiti, 3 Oktob, 2022.
Foto: Yon manifestan pote yon baton bwa pandan yon manifestasyon pou mande Premye Minis Ariel Henry bay demisyon li nan Petion-Ville, Ayiti, 3 Oktob, 2022.

Gouvènman Ayisyen an mande asistans yon fòs zame entènasyonal pou konbat gang yo ak manifestan ki paralize peyi a epi mete an danje aksè a pwodwi premye nesesite tankou gaz, ak dlo. Se sa yon responsab wo plase Ayisyen di Associated Press.

Responsab la, ki pat otorize pou'l pale sou kestyon an piblikman deklare Vandredi, ke gen yon demann ofisyèl ki fèt pa ekri men yo poko prezante li ofisyèlman.

Li pat klè si demann nan ta siyifye prezans yon fòs mentyen lapè Nasyonzini. LONU mete fen nan yon misyon mentyen lapè an Ayiti sa gen 5 an desa, apre li te pase 11 zan nan peyi a.

Polis Nasyonal la ap goumen pou kontwole gang yo ak resous limite epi yon mank anplwaye.

Pòt pawòl adjwen Depatman d Eta Vedant Patel deklare Vandredi ke Etazini ap konsidere yon deman pou tabli yon koridò imanite pou restore distribisyon petwòl an Ayiti epi kowòdone ak premye minis Ayisyen an ak lot patne entenasyonal yo pou detemine ki sa ki pi bon fason pou bay apwi siplemante.

Pòt pawòl la deklare: "Nou kondane ak tout fòs moun ki kontinye bloke distribisyon petwòl ak lot pwodwi premye nesesite biznis Ayisyen yo bezwen."

Patel pat vle fè kòmante sou kestyon pou konnen ki peyi ki ta founi twoup pou tabli koridò imanite a. Li di sèlman konsiderasyon sa a nan premye faz la.

Deman nan fèt apre Luis Almagro, sekrete jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo te fè yon rankont Jedi ak responsab yo - pami Sekretè d Eta Antony Blinken epi Minis Afè Etranje Ayisyen Jean Victor Généus kote yo te diskite sou sityasyon peyi d Ayiti kap vinn pi grav chak jou.

Almagro pibliye yon tweet Jedi swa kote li di fòk Ayiti "fe yon deman tou swit pou mande kominote entènasyonal la ede rezoud kriz ensekirite yo, epi detèmine karakteristik yon fòs sekirite entènasyonal."

Anpil Ayisyen rejte lide pou ta gen yon lot entèvansyon entènasyonal nan peyi a e yo fè remake sòlda mentyen lapè LONU yo te komèt abi seksyèl epi deklanche yon epidemi kolera sa gen plis pase 10 zan desa ki te lakoz prèske 10,000 moun te mouri.

XS
SM
MD
LG