Accessibility links

Breaking News

Chèf LONU Sigjere yon Fòs Aksyon Rapid pou Ede Ayiti


Sekrete Jeneral Nasyonzuni Antonio Guterres.
Sekrete Jeneral Nasyonzuni Antonio Guterres.

Sekretè Jeneral Nasyonzini ankouraje kominote entènasyonal la reponn demann gouvènman Ayisyen an fè epi konsidere an tout ijans pou'l voye yon fòs zame espesyalize entènasyonal an Ayiti pou fè fas ak ensekirite a epi yon kriz imanitè grav.

Guterres ekri yon lèt 12 paj ke li voye bay Konsèy Sekirite Nasyonzini an Dimanch. Li deklare: "Lè w konsidere sityasyon an ekstrèman grav, jefò entènasyonal pou ogmante sipò pou PNH (Polis Nasyonal Ayisyen) dwe vize redwi kapasite gang ame yo pou bloke aksè epi atake enfrastrikti estratejik yo epi menase kominote yo."

Fòs y ap pwopoze a patap tonbe nan kad yon fòs mentyen lape Nasyonzini men pito se tap yon fòs bilateral ke Ayiti ta apwouve epi ki ta gen ladann twoup "youn oubyen plizyè" lòt nasyon.

Vandredi 7 Oktob, gouvènman Ayisyen an te bay Premye Minis Ariel Henry otorizasyon pou'l mande deplawaman yon fòs zame espesyalize entènasyonal san pèdi tan, pou stope gang kriminel yo. Gang yo ap chache eksplwate vid politik ki genyen nan peyi a depi apre asasina Prezidan Jovenel Moise lakay li nan Potoprens, 7 Jiyè 2021.

Guterres di bezwen pi ijan an se pou ranfòse kapasite PNH genyen pou kontre epi kwape gang yo.

"Nan jefò sa a, otorite Ayisyen yo te souliyen fòk se Ayisyen ki a la tèt solisyon sa yo, e yo mande pou PNH la dirije jefò a ak sipò patnè entènasyonal yo ki ta amelyore kapasite li pou sekirize peyi a."

Foto: Yon manifestan pote yon baton bwa pandan yon manifestasyon pou mande Premye Minis Ariel Henry bay demisyon li nan Petion-Ville, Ayiti, 3 Oktob, 2022.
Foto: Yon manifestan pote yon baton bwa pandan yon manifestasyon pou mande Premye Minis Ariel Henry bay demisyon li nan Petion-Ville, Ayiti, 3 Oktob, 2022.

Gang ame yo kontwole gwo pòsyon kapital la, Pòtoprens, e yo bloke akse a prensipal teminal petwòl Varreux a depi mitan mwad Septanm nan. tout sa lakòz yon sityasyon imanite ki te deja grav, vin pi grav toujou epi sa afekte sevis elektrisite, dlo pwòp, asenisman epi kapasite lopital yo pou yo opere.

Guterres di:

"Otorite nasyonal yo site mank ekipman pou pwoteje polisye yo, zam minisyon ak lòt ekipman taktik avèk kapasite pou yo sèvi ak bagay sa yo yon fason efikas, kòm prensipal obstak ki anpeche yo fè pwogre ak jefò anti-gang yo. PNH la ap fè fas ak gang kriminel ki gen gwo zam fann fwa nan men yo - o fet pi bon zam pase sa lapolis genyen."

LONU estime 1,5 milyon moun afekte direkteman pa zak vyolans gang yo e 20,000 kouri kite kay yo pou chache sekirite. Vyol ak lot zak vyolans seksyel fet sistematikman, dapre LONU.

Fos Reyaksyon Rapid

Nan kou tem, chef LONU an pwopose yon fos reyaksyon rapid ke yo ta deplwaye rapidman anba lideship yon peyi e ki ta gen fos youn ou plizye peyi ladann. Nasyon yo ta ede finanse epi kontribye ekipman pou fos la.

Opsyon lon tem

Sekretè-jeneral la sijere fòs reyaksyon rapid la ta gradyelman disparet apre ke polis nasyonal la kòmanse restore sekirite ak libète deplasman popilasyon an. Yon fòs polis miltinasyonal ta ranplase li oubyen yon fòs espesyal miltinasyonal.

Yon Komisyon polis miltinasyonal ta amelyore kapasite taktikal ak operasyonel PNH la genyen pou'l konbat zak vyolans gang yo gras ak fòmasyon ak konsey.

Komisyon sa a ta responsab pou deplwaman ekipman, materyel epi teknoloji ki nesesè pou PNH la ka lanse operasyon anti gang.

Yon gason kouri bo kote yon barikad kap boule pandan yon manifestasyon kont gouvenman an ak ogmantasyon pri petwol la nan Potoprens, Ayiti, 3 Oktob, 2022.
Yon gason kouri bo kote yon barikad kap boule pandan yon manifestasyon kont gouvenman an ak ogmantasyon pri petwol la nan Potoprens, Ayiti, 3 Oktob, 2022.

Lòt opsyon an se ta yon fòs espesyal milti-nasyonal la.

Guterres di: "Fòs Espesyal la ta gen ladann inite lapolis espesyalize ke yon gwoup peyi manm ta kontribye. Yon peyi tap dirije komandman ak operasyon fos la."

Misye we misyon fòs la tankou yon misyon kote li ta kore PNH la sou frontyè a, pandan yap eseye reprann kontwòl katye gang yo kontwole yo.

Relasyon ant Ayiti ak fòs mentyen lape LONU yo nan pase a pat fasil. Gen akizasyon abi seksyel ak eksplwatasyon fanm Ayisyen yo. Apre tranbleman tè 2010 la, yon epidemi kolera ta ravaje peyi a epi touye 10,000 moun. Otorite Lasante yo te lye epidemi sa a ak yon kan fòs mentyen lape LONU ki te kontamine dlo a. Sa te pran 6 zan pou LONU admet wòl li te jwe nan epidemi an.

Kounyea, Ayiti ap fè fas ak yon retou kolera lakay li nan moman rate gaz la lakòz blakawout, epi yon rate dlo potab. Semèn pase a otorite yo te konfime plizyè nouvo ka maladi a epi lanmò.

Sekretè-Jeneral Guterres souliyen bezwen ki egziste pou gouvènman Ayisyen an jere enpas politik la. Li lanse avetisman pou di amelyore sityasyon gang lan ap yon bagay pwovizwa selman si yo pa fè fas ak koripsyon epi rezoud pwoblem gouvènans la.

Konsey Sekirite Nasyonzini an ap konsidere nouvo sanksyon ki ta vize gang yo ak chef gang yo pou koupe akse yo ak lajan epi zam. 26 Septanm, minis afe etranje Ayisyen an te mande konsey la pran sanksyon kont gang yo pandan yon rankont sou zak vyolans yo kap ogmante.

Jean Victor Geneus di 15 manm konsey la: "Se yon vre pa nan bon direksyon an pou mete fen nan fenomen ensekirite a nan peyi a."


Korespondan VOA nan Nasyonzini, Margaret Besheer ekri vesyon orijinal repotaj sa a.

XS
SM
MD
LG