Accessibility links

Breaking News

Etazini ap Revize Demann Ayiti Fè pou Asistans Entènasyonal pou Jere Ensekirite a


Yon gason kouri bo kote yon barikad kap boule pandan yon manifestasyon kont gouvenman an ak ogmantasyon pri petwol la nan Potoprens, Ayiti, 3 Oktob, 2022.
Yon gason kouri bo kote yon barikad kap boule pandan yon manifestasyon kont gouvenman an ak ogmantasyon pri petwol la nan Potoprens, Ayiti, 3 Oktob, 2022.

Etazini fè konnen Samdi lap revize yon demann Ayiti fè pou mande sipò entènasyonal pou jere ensekirite a. Nan demann Ayiti, li mande pou yon "fòs zame espesyalize" ede'l fè fas ak kriz blokaj prensipal tèminal petwòl peyi a koze.

Depatman d Eta di gen aktè kriminèl kap minnen jefò Ayiti ap fè pou'l anpeche maladi kolera a pwopaje lakay li.

Depatman d Eta di nan yon deklarasyon: "Nan kontèks sa a, nou pral revize demann Gouvènman Ayiti fè an kowòdinasyon ak patnè entènasyonal nou, epi detèmine kijan nou ka ogmante sipò nou pou ede Ayiti jere kriz petwolye a ak ensekirite a."

Foto Achiv: Katye Jeneral Depatman D'Eta Ameriken an nan Washington.
Foto Achiv: Katye Jeneral Depatman D'Eta Ameriken an nan Washington.

Depatman d Eta pa bay okenn detay sou kijan Etazini taka ede Ayiti jere ensekirite a.

Akò Montana, yon gwoup entelektyèl ak militan Ayisyen ki pa mete dlo nan bouch yo pou kritike Premye Minis Ariel Henry, dekri demann li an kòm yon zak trayizyon e yo di twoup etranje pral mete absè sou klou.

Yon deklarasyon Akò Montana a di: "Listwa aprann nou ke oken fòs entènasyonal pa janm rezoud pwoblèm okèn pèp sou latè." Li ajoute Ayiti bezwen pito, sipò pou fòs polis pa li.

"Se fòs polis Ayisyèn nan ki pral gen kapasite jere pwoblèm nan yon fwa pou tout epi rezoud ensekirite kap trakase pèp Ayisyen an."

Aktivite yo prèske konplètman bloke an Ayiti akoz yon kowalisyon gang ki bloke tèminal petwòl Varreux a depi mwa pase a. Rate gaz ak gaz dizèl ankiloze transpò piblik le pi fòse biznis yo ak lopital yo sispann operasyon yo.

Li lakoz tou yon rate dlo potab, yon ti tan sèlman apre peyi a konfime yon nouvo epidemi kolera, ki se yon maladi ki pwopaje akoz mank ijèn epi dlo pwòp.

XS
SM
MD
LG