Accessibility links

Breaking News

Brezil, Chili Reyaji sou Ensekirite a an Ayiti


Minis Afe Etranje Chili a, Antonia Urrejola mache ak Sekrete d Eta Etazini Antony blinken, nan Santiago, Chili, 5 Oktob, 2022.
Minis Afe Etranje Chili a, Antonia Urrejola mache ak Sekrete d Eta Etazini Antony blinken, nan Santiago, Chili, 5 Oktob, 2022.

Minis Afè Etranje Amerik yo pale Vandredi sou ensekirite ak kriz imanitè Ayiti a, kote gang yo ak manifestan paralize peyi a nan moman pwodwi premye nesesite yo ap diminye.

Reyaksyon yo vini apre Associated Press te rapote ke gouvènman Ayisyen an te dakò pou mande asistans yon fòs zame entènasyonal pou jere sityasyon an.

Depatman d Eta konfime nouvèl la, epi yon responsab gouvènman Ayisyen an ki pat gen otorizasyon pale piblikman sou kestyon an di tou, lèt demann nan ekri men yo poko soumèt li.

Brezil

Fernando Silmas, Sekretè Jeneral Ministè Afè Etranjè Brezil di sityasyon an an Ayiti vin "bay anpil preokipasyon" malgre plizyè dizèn lane jefò kominote entènasyonal la fè pou ede peyi a.

Silmas di: "Deteryorasyon kondisyon sekirite yo enpoze yon defi ijan ki mete an danje pèp Ayisyen an."

Chili

Minis Afè Etranjè Chili a, Antonia Urrejola limenm di peyi li dako Ayiti bezwen yon "ako politik nasyonal" ki va debouche sou yon solisyon definitiv.

Li poko klè si demann gouvènman Ayisyen an vle di yo pral aktive twoup mentyen lapè Nasyonzini. Yon misyon LONU te kite Ayiti sa gen 5 an desa apre 11 zan tibilans.

Foto: Yon manifestan pote yon baton bwa pandan yon manifestasyon pou mande Premye Minis Ariel Henry bay demisyon li nan Petion-Ville, Ayiti, 3 Oktob, 2022.
Foto: Yon manifestan pote yon baton bwa pandan yon manifestasyon pou mande Premye Minis Ariel Henry bay demisyon li nan Petion-Ville, Ayiti, 3 Oktob, 2022.

OEA

Petisyon an vini apre Luis Almagro, sekretè jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ta rankontre Jedi ak responsab yo pami yo Sekretè d Eta Etazini Antony Blinken ak Minis Afè Etranje Ayisyen an Jean Victor Geneus pou diskite sou sityasyon Ayiti kap vin pi mal chak jou.

Opinyon Ayisyen

Anpil Ayisyen rejte lide pou ta gen yon lòt entèvansyon entènasyonal nan peyi a e yo fè remake fòs mentyen lapè LONU an te fè fas ak akizasyon abi seksyèl epi yo te blame yo pou yon epidemi kolera ki te anvayi Ayiti sa gen 10 zan desa. Gen 10,000 Ayisyen ki te mouri akoz epidemi kolera a.

XS
SM
MD
LG