Accessibility links

Breaking News

Washington Anonse Nouvo èd pou Akeyi Imigran yo nan Amerik Latin


U.S. Secretary of State Antony Blinken speaks during the 52nd General Assembly of the OAS in Lima, Oct. 6, 2022.
U.S. Secretary of State Antony Blinken speaks during the 52nd General Assembly of the OAS in Lima, Oct. 6, 2022.

Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken anonse Jedi yon nouvo èd pou resevwa imigran ak refijye yo nan peyi Amerik Latin yo. Blinken te fè deklarasyon sa yo pandan yon reyinyon Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) nan vil Lima, Pewou.

Nan kad yon toune nan plizyè peyi nan Amerik Latin nan, Blinken anonse $240 milyon èd imanitè ak sekiritè, e li te patisipe nan yon reyinyon ministeryèl ki te fokalize sou sijè migrasyon an, ki mete presyon sou tout peyi nan emisfè oksidantal la.

Èd la gen kom bi pou ede peyi nan rejyon an epi finanse pwogram pou imigran ak refijye kap rive yo nan divès sektè tankou sante ak edikasyon. Li vize tou finanse lit kont kontrebann migran yo.

XS
SM
MD
LG