Accessibility links

Breaking News

OEA ap Mennen Ankèt sou Relasyon Amourez ant Sekretè Jeneral la ak yon Anplwaye


Sekrete Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo, OEA, Luis Almagro nan Lima, Pewou, 5 Oktob, 2022.
Sekrete Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo, OEA, Luis Almagro nan Lima, Pewou, 5 Oktob, 2022.

Associated Press aprann ke sekretè jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo ap fè fas ak yon ankèt entèn sou yon relasyon amourez li te genyen ak yon anplwaye ki te petèt vyole kòd etik òganizasyon an.

Anket sou relasyon ant Luis Almagro ak yon meksikèn ki gen 20 an mwens pase'l se yon bagay ki poko janm parèt nan laprès.

Sepandan andedan l'OEA, gen kèk anplwaye ki di AP ke tout moun te o kouran de relasyon amourez la, e ke yo te santi yo kraponnen le yap entèraji ak menaj chèf la.

Almagro derefize fè okenn kòmantè sou sa. Yon pòt pawòl l OEA di Almagro pat janm sipèvize dam nan.

XS
SM
MD
LG