Accessibility links

Breaking News

Militan Ayisyen Pwoteste Devan Mezonblanch la pou Mande Etazini Sispann Apiye PM Ariel Henry


Yon dam kenbe yon pannkat devan Lamezonblanch ki mande administrasyon biden nan sispann apiye Premye Minis Ayisyen Ariel Henry, nan Washington, 9 Oct. 2022.
Yon dam kenbe yon pannkat devan Lamezonblanch ki mande administrasyon biden nan sispann apiye Premye Minis Ayisyen Ariel Henry, nan Washington, 9 Oct. 2022.

Militan pwoteste Dimanch devan Lamezonblanch pou mande administrasyon Biden nan sispann apiye gouvènman Premye Minis Ariel Henry a, nan moman peyi a ap fè fas ak yon kriz imanitè akoz gang ki bloke distribisyon petwòl la.

Sityasyon malouk Ayiti a atire atansyon mond lan pandan semèn ki pase yo, pandan rate gaz ekstrèm lan lakoz anpil biznis ak lopital fèmen pòt yo. Pandansetan otorite lasante yo anonse kolera refè sifas nan peyi a.

Yon emisyon televizyon montre plizyè santèn moun te patisipe nan manifestasyon devan Lamezonblanch la e yo te kenbe nan men yo pankat ki gen drapo Ayiti oubyen mesaj tankou "Kite Ayisyen Deside Pwòp Avni Pa yo".

Depite eta Kalifòni, Demokrat Maxine Waters, pibliye yon deklarasyon pou manifestasyon an kote li di: "Anpil Ayisyen si e seten se Etazini ki lakoz Henry toujou sou pouvwa a. Represyon an nan peyi d Ayiti fèt pou l sispann."

XS
SM
MD
LG