Accessibility links

Breaking News

Etazini Anvizaje yon Misyon Asistans Entènasyonal pou Ayiti


Foto Achiv: Anbasade Etazini nan Nasyonzini, Linda Thomas-Greenfield pale ak jounalis yo pandan yon konferans pou lapres nan katye jeneral Nasyonzini, 1 Mas, 2021.
Foto Achiv: Anbasade Etazini nan Nasyonzini, Linda Thomas-Greenfield pale ak jounalis yo pandan yon konferans pou lapres nan katye jeneral Nasyonzini, 1 Mas, 2021.

Lèzetazini ak Meksik deklare Lendi y ap prepare yon rezolisyon Nasyonzini ki ta otorize yon "misyon asistans entènasyonal" pou ede Ayiti amelyore ensekirite a epi pote asistans imanitè peyi a bezwen dijans bay dè milyon moun ki nan bezwen. Misyon sa a ta gen ladann pèmisyon pou anplwaye fòs militè si sa nesesè.

Anbasadè Ameriken nan LONU, Linda Thomas-Greenfield anonse nouvèl la pandan yon rankont dijans Konsèy Sekirite LONU an fè nan moman dè milye manifestan te pran lari an Ayiti Lendi pou mande demisyon Premye Minis Ariel Henry. Manifestasyon sa yo dewoule pandan peyi a tap komemore lanmò Jean-Jacques Dessalines, esklav ki te vin lidè premye repiblik nwa nan mond lan.

Anbasadè Ameriken an deklare rezolisyon an pwopoze yon misyon "non-UN" e tap gen limit sou dire li ak dimansyon li. Li ajoute se "yon peyi patnè" ki ta dirije misyon an men li pa di ki peyi sa ye. Sèl sa li di se ke se tap yon peyi ki gen "eksperyans pwofon ki nesesè pou yon jefò konsa ka efikas."

Anbasade a di: "pwojè rezolisyon an site an patikilye Jimmy Cherizier, ke moun konnen sou non 'Barbecue', kòm youn nan moun sanksyon ta vize. Li responsab dirèkteman pou rate gaz ki ankiloze peyi a konplètman.

Thomas-Greenfield di yap travay sou rezolisyon an pou reponn "dirèkteman" demann Premye Minis Ayisyen Ariel Henry te fè 7 Oktòb, ke konsèy minis yo te apwouve pou yon kominote entènasyonal la vin ede Ayiti jere ensekirite a ak kriz imanitè a. Rezolisyon an reflete youn nan opsyon Sekretè Jeneral Nasyonzuni, Antonio Guterres te prezante bay konsèy la 9 Oktòb, kote li te mande pou yo ta deplwaye yon fòs aksyon rapid. Li te fòs sa a taka gen ladann youn oubyen plizyè peyi manm LONU e ke yo ta ede Fòs Polis Nasyonal Ayiti a.

Anbasadè a souliyen Etazini "trè rekonesan de istwa entèvansyon entènasyonal yo an Ayiti, sitou kè sote moun genyen pou konsèy la ta otorize yon repons ki taka debouche sou yon fòs mentyen lapè san fen."

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG