Accessibility links

Breaking News

Yon Delegasyon Kanadyen ap Vizite Ayiti pou Evalye Sityasyon an


Polis Nasyonal Ayiti deplwaye gaz lakrimojen pandan yon manifestasyon pou mande demisyon Premye Minis Ariel Henry, 17 Oktob, 2022.
Polis Nasyonal Ayiti deplwaye gaz lakrimojen pandan yon manifestasyon pou mande demisyon Premye Minis Ariel Henry, 17 Oktob, 2022.

Responsab gouvènman Kanadyen an ap vizite Ayiti pou evalye kriz imanitè a ak ensekirite a. Se sa otorite yo nan Ottawa fè konnen Jedi, nan moman kominote entènasyonal la ap diskite sou posibilite pou yo ta voye yon fòs entèvansyon milti-nasyonal an Ayiti pou kwape zak vyolans gang yo.

Delegasyon Kanadyèn nan an Ayiti "pou konsilte ak pati prenant yo sou opsyon pou apiye pèp Ayisyen an, jwen solisyon pou rezoud kriz imanitè ak ensekirite a, epi kijan Kanada ka kontribye a repons entènasyonal la" dapre yon deklarasyon gouvènman Kanadyen an pibliye.

Minis Afè Etranje Melanie Joly deklare: "Kanada ak kominote entènasyonal la gen kè sote pou zak vyolans yo an Ayiti, sitou sak vize fanm ak tifi yo."

Joly ajoute: "Kanada pap rete chita bra kwaze pandan gang yo ak moun ki soutire yo kontinye teworize sitwayen Ayisyen yo e nou pral kontinye apiye Ayisyen ki respekte la lwa pou mete fen nan kriz peyi a ap travèse."

Anons lan vini yon jou apre jeneral Kanadyen ak Ameriken yo te diskite sou ensekirite a an Ayiti apre responsab Ayisyen yo te ankouraje 2 peyi yo pi bonè mwa sa a pou pran devan pou fòme yon swadizan fòs d atak pou vize gang yo. Sekretè d Eta Ameriken Antony Blinken ap vwayaje Ottawa Jedi pou'l rankontre Joly ak lòt wo responsab Kanadyen yo pou diskite sou divès sijè.

Etazini di li gen konfyans lap jwenn yon konsansis pami manm Konsèy Sekirite Nasyonzini an pou jwenn peyi ki dakò pou dirije yon fòs entèvansyon nan kòmansman mwad Novanm nan pou jere kriz la an Ayiti.

Semèn pase a, Konsèy Sekirite Nasyonzini an te apwouve sanksyon kont nempòt ki moun ki ta menase lapè oubyen stabilite Ayiti, e li site youn nan gangstè pi pwisan Ayisyen yo, Jimmy Cherizier alyas Barbecue.

Peyi d Ayiti ap fè fas ak plizyè kriz melanje ansanm ki lakoz sityasyon imanitè a grav anpil.

Gang yo bloke aksè ak yon tèminal petwol kle pou pwoteste kont desizyon gouvènman an pran pou'l sispann sibvansyone gaz la. Sa lakoz yon rate gaz ekstrèm an Ayiti. Met sou sa Ayisyen ap fè fas ak yon rate dlo potab, yon epidemi kolera kap pwopaje pi plis chak jou epi ensekirite alimantè.

XS
SM
MD
LG