Accessibility links

Breaking News

LONU Gen Kè Sote pou Ka Kolera Kap Ogmante Rapid-Rapid an Ayiti


Yon timoun manje sereyal sou plas Hugo Chavez la nan Potoprens, kote anpil fanmi ki kouri pou zak vyolans gang yo ap viv kounyea, 20 Oktob, 2022.
Yon timoun manje sereyal sou plas Hugo Chavez la nan Potoprens, kote anpil fanmi ki kouri pou zak vyolans gang yo ap viv kounyea, 20 Oktob, 2022.

Gwo ogmantasyon nan ka kolera an Ayiti pandanjou ki sot pase yo bay gwo kè sote. Dapre Nasyonzini, ka sispèk yo double ant 20 ak 23 Oktòb.

Pandan yon konferans pou laprès Madi 25 Oktòb, Stephane Dujarric, pòtpawòl LONU deklare gen prèske 2,000 ka kolera kounyea.

Misye di sa ran lit kont maladi a pi difisil toujou.

"UNICEF di se timoun ki gen mwenske 14 zan ki reprezante prèske mwatye ka sispèk yo. Rate gaz la ansanm ak aktivite gang yo rann ni pi difisil pou travayè imanitè yo rive nan zòn kote moun yo bezwen asistans"

Sepandan, gen kèk mezi UNICEF deja pran.

"UNICEF komanse livre dlo potab bay apepre 1,000 moun nan Site Soley, ki se youn nan episant epidemi kolera a. Pwogram Alimantasyon Mondyal la te distribye manje lòt bò a tou bay 6,000 moun ki pami sa yo ki pi vilnerab pandan wikèn nan. Pandansetan Oganizasyon Entènasyonal Migrasyon ap distribye 75,000 kit anti kolera ak ijenik bay pasyan ki nan sant tretman kolera yo epitou prizonye yo. Nap raple gen yon gwo pwoblèm kolera nan prizon yo tou. "

XS
SM
MD
LG