Accessibility links

Breaking News

Ayiti Kolera: 725 Ka Sispèk, 111 Ka Konfime


Patients receive treatment for cholera at the Gheskio Center Hospital supported by UNICEF in Port-au-Prince, Haiti, Oct. 14, 2022.
Patients receive treatment for cholera at the Gheskio Center Hospital supported by UNICEF in Port-au-Prince, Haiti, Oct. 14, 2022.

Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS) anonse yè mèkredi a yo sispann tanporèman vaksen 2 dòz kont kolera, e yap ranplase l ak yon sèl dòz akoz mank vaksen, epi akoz ogmantasyon epidemi an nan mond lan.

OMS di ankò, desizyon eksepsyonèl sa a bay yon ide sou mank ki genyen nan kantite vaksen kont kolera ki dispponiib, nan moman kote peyi tankou Ayiti, la Siri ak Malawi ap lite kont gwo epidemi maladi mòtèl sa-a ki gaye nan kontak ak dlo ak aliman kontamine.

Dikrektè ijans OMS la, Mike Ryan, di laprès chanjman estrateji sa a se yon siy sou dimansyon kriz la akoz yon mank konsantrasyon sou bon jan vaksinasyon pou moun ki pi vilnerab yo.

Ann Ayiti , dènye chif Minis Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP )pibliye di genyen 725 ka sispèk, 111 konfime, 188 ospitalize , 23 mouri . Men pousantaj viktim yo : 52,72 % gason e 44, 28 % fanm .

XS
SM
MD
LG