Accessibility links

Breaking News

Repiblik Dominikèn Pral Voye Gaz Dizèl Bay Lopital Ayisyen yo


Foto Achiv: Katye Jaouzi, Petionville ak Potoprens, Ayiti, 18 Oktob, 2022.
Foto Achiv: Katye Jaouzi, Petionville ak Potoprens, Ayiti, 18 Oktob, 2022.

Repiblik Dominikèn apwouve demann yon konpayi fè pou ekspòte 20,500 galon dizèl an Ayiti pou sèvi prensipalman pou lopital yo. Se sa ajans nouvel Reuters rapòte, selon lèt ke li wè. Pandansetan, gang yo kontinye bloke prensipal tèminal petwòl la.

Rate gaz ke gang yo kreye nan peyi a kite lopital yo san okèn gaz dizèl pou jeneratris yo, ki se sèl fason yo ka asire yo toujou gen kouran.

Pi fò lopital yo oblije diminye operasyon yo pandan semèn ki pase yo, nan moman peyi a ap fè fas ak yon lòt epidemi kolera ak yon kriz imanitè ke rate manje ak dlo a koze.

Yon konpayi ki rele AFA Trading voye yon lèt bay ministè endistri Dominiken an 17 Oktòb kote li mande pèmisyon pou ekspòte gaz la an Ayiti. Yo gen entansyon transpòte li pa wout, epi apwovizyone 3 lopital ak yon faktori.

Ministè endistri Dominiken an te apwouve deman nan nan yon lèt separe ke Reuters te wè. Lèt sa yo dekri operasyon an tankou yon "re-ekspòtasyon" e li endike gaz la fè pati yon pwovizyon Repiblik Dominikèn te enpòte.

Ministè Endistri Dominiken an pa reponn demann Reuters fè pou kòmantè sou koze a. Reuters pat jwenn komantè non plis bò kote AFA Trading.

Ayiti ap fè fas ak yon rate gaz ekstrèm apre gang yo bloke tèminal petwòl la pou egzije Premye Minis Ariel Henry demisyonen. Nasyonzini diskite sou posibilite pou'l ta voye yon fòs militè al konfwonte gang yo epi relouvri tèminal la.

Rate gaz la lakoz pifò aktivite ekonomik yo rete ansanm ak transpò piblik la epi fòse pi fò lopital yo swa fèmen pòt yo, swa fè gwo rediksyon sou sèvis yo.

XS
SM
MD
LG