Accessibility links

Breaking News

LONU Taka Vote Jodia sou Sanksyon pou Kwape Zak Vyolans an Ayiti


Foto Achiv: Jimmy Cherizier, alyas Barbecue, chef gang G9 la.
Foto Achiv: Jimmy Cherizier, alyas Barbecue, chef gang G9 la.

Konsèy Sekirite Nasyonzini an gen pou'l rankontre jodi Mèkredi a pou diskite sou yon rezolisyon ki ta mande pou zak vyolans ak aktivite kriminèl yo sispan an Ayiti san pèdi tan.

Dapre yon pwojè rezolisyon, dokiman y ap diskite a gen ladann sanksyon kont chèf gang Jimmy Cherizier alyas "Barbecue" ki gen anpil enfliyans epi lot endividi ak gwoup ki mele nan aktivite ki menase lapè, sekirite ak stabilite peyi a.

Diplomat nan konsèy la di pwojè rezolisyon an gen 10 paj e yo mete'l "an ble" - ki vle di yon dokiman final pou yo ka vote sou li. Dapre korespondan VOA nan Nasyonzini, Margaret Besheer, li posib pou yo pa vote sou sanksyon yo apremidi a. Li pale ak Anbasade Franse a, Nicolas De Riviere.

Li di: "Mwen pa finn si nap vote jodia. Sa taka pran yon ti kras plis tan."

Pandansetan, Lavi kotidyèn kawotik an Ayiti depi Premye Minis Ariel Henry te anonse gouvènman an tapral sispann sibvansyone gazolin nan.

Ayiti ap fè fas an menm tan ak lavichè, zak vyolans epi manifestasyon.

Enstabilite politik la ap vin pi grav chak jou depi asasina Prezidan Jovenel Moise nan mwad Jiyè 2021.

Rankont Konsey Sekirite a fikse pou 3 ze apremidi a. VOA Kreyol ap sou plas.

Korespondan VOA nan LONU, Margaret Besheer kontribye a repotaj sa a. Kek enfomasyon soti nan Associated Press.

XS
SM
MD
LG