Accessibility links

Breaking News

LONU Ranvwaye Vòt sou Sanksyon pou Kwape Zak Vyolans, Krim an Ayiti


Reprezantan Konsey Sekirite Nasyonzini vote sou yon rezolisyon ki anvizaje kondane La Risi pou envazyon Ikren nan, Vandredi 25 Fevriye 2022.
Reprezantan Konsey Sekirite Nasyonzini vote sou yon rezolisyon ki anvizaje kondane La Risi pou envazyon Ikren nan, Vandredi 25 Fevriye 2022.

Patizan yon rezolisyon Nasyonzini ki ta mande yon fen prese-prese nan zak vyolans ak aktivite kriminèl k ap dewoule an Ayiti, ranvwaye vòt ki te sipoze fèt jodia.

Yon diplomat di korespondan VOA nan Nasyonzini, Margaret Besheer ke vòt la pwobableman pral fèt Vandredi.

Pwojè rezolisyon Konsèy Sekirite a ke Etazini ak Meksik patwone, ta enpoz sanksyon sou chèf gang ame Jimmy "Barbecue" Cherizier ak lòt Ayisyen ak gwoup ki ele nan aktivite ki menase lapè, sekirite oubyen stabilite peyi a.

Vot la te sipoze dewoule Mekredi apremidi (19 Oktòb) men kèk manm kle Konsèy Sekirite a konfime yo ranvwaye'l pou kèk jou.

Ayiti ap fè fas ak yon ansanm de kriz - pami yo lavichè, rate gaz, entabilite epi manifestasyon ki kreye yon sityasyon peyi lòk.

Korespondan VOA nan Nasyonzini, Margaret Besheer kontribye a repotaj sa a, kek enfomasyon soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG