Accessibility links

Breaking News

MSF Gen Ke Sote pou Gwo Ogmantasyon Ka Kolera li Konstate


Yon timoun ki gen sentom kolera resevwa tretman nan klinik Medsen San Fwontye a nan Potoprens, Ayiti, 7 Oktob 2022.
Yon timoun ki gen sentom kolera resevwa tretman nan klinik Medsen San Fwontye a nan Potoprens, Ayiti, 7 Oktob 2022.

Doktè yo nan peyi d Ayiti ap goumen pou jere yon nouvo epidemi posib maladi kolera.

Medsen San Fwontyè, yon ONG sou moun konnen kòm MSF, gen 2 lopital nan kapital Ayisyèn nan Pòtoprens kap goumen pou jere ogmantasyon nan kantite pasyan kap debake ak sentom kolera.

Associated Press t'al vizite Sant Ijans MSF la nan Turgeau, kote tout kabann yo te gen pasyan.

Doktè Florence Dennuela ap travay nan Sant Ijans MSF la nan Turgeau.

"Sityasyon aktyel ke nap konstate chak jou se ke yon paket moun ap rive ak sentom dyare epi vwomisman. Pwoblem nan isit la se nou pa gen kapasite pou'n resevwa paket moun sa yo. Nou gen 22 kavann; nou bezwen plis, donk kondisyon yo isit la pa adekwa."

Nan sant la, moun te ka wè pasyan ki tap vwomi oubyen ki te gen dyare k ap resevwa sewom kòm tretman pou re-idrate kò yo e gen sa k tap tann kabann.

Sa gen yon semen desa, gouvenman Ayisyen an te anonse omwens 8 moun te mouri ak kolera e sa ogmante kè sote dèske maladi a taka pwopaje rapidman, menm jan sa te fèt sa gen 10 zan desa lè 10,000 moun te pèdi lavi yo.

Dokte Dennuela di:

"Mwen kwe nou gen paket ka sa yo akoz gwo lapli ki sot tonbe a epi nou diyagnostike kolera vibrio a ki difisil. Li paret chak ane men pa nan pwopòsyon nap konstate kounyea. Pandan sityasyon an nan vil la ap deteryore, mwen kwe ap gen plis ka kolera."

Doktè Dennuela ajoute yo pral bezwen plis kabann pou fè fas ak sityasyon an ki vinn pi grav akoz gwo lapli epi mank aksè ak dlo pwòp epi bon kondisyon sanitè.

Marceline Joseph mennen pitit li lopital apre kondisyon li te deteryore.

"Manman mwen di'm ba li sewom idratasyon apre li te tonbe malad, men kounyea mwen we li vinn pi grav donk se poutet sa mwen te deside menmen'l isit la. Epi le mwen rive mwen aprann ti se mwen mouri ak kolera."

Manje oubyen dlo ki kontamine ak bakteri kolera a kapab koze dyare ak dezidratasyon ki ka touye yon moun.

Nasyonzini fe konnen lap travay ak gouvenman Ayisyen an sou yon repons dijans pou epidemi a, e li souliyen fòk li gen garanti akse sen e sof ak zòn kote yo rapòte ka yo.

Gang pi pwisan Ayisyen yo kontinye kontwole antre prensipal terminal petwòl Varreux a nan Potoprens, ki lakoz yon rate gaz epi lavichè ki deklanche manifestasyon toupatou nan peyi a depi plis pase 2 semèn.

Sa lakoz anpil konpayi fèmen pòt yo pwovizwaman tou.

XS
SM
MD
LG