Accessibility links

Breaking News

OMS Mande Vaksen Kolera pou Ayiti


Foto Achiv: Yon tifi resevwa yon vaksen oral kont kolera nan lopital Imakile Konsepsyon nan vil Okay, Ayiti, 8 Nov. 2016.
Foto Achiv: Yon tifi resevwa yon vaksen oral kont kolera nan lopital Imakile Konsepsyon nan vil Okay, Ayiti, 8 Nov. 2016.

Oganizasyon Mondyal Lasante, OMS, monte tant pou trete moun ki trape maladi kolera an Ayiti, e li pral mande pou voye nan peyi a vaksen oral kont maladi a, apre yo te dekouvri yon ka pandan wiken nan.

Maladi kolera te touye 10,000 moun an 2010. Otorite lasante yo te blame fòs mentyen lape Nasyonzini an pou epidemi a nan epòk la. Nasyonzini te prezante ekskiz li pou sa an 2016 san li pat janm aksepte responsabilite. Anvan semen pase a, denye ka kolera Ayiti te anrejistre sete an 2019.

Yon anbilans rive nan yon lopital Medecins Sans Frontieres (MSF) nan Potoprens, Ayiti, 4 Oktob 2022.
Yon anbilans rive nan yon lopital Medecins Sans Frontieres (MSF) nan Potoprens, Ayiti, 4 Oktob 2022.

Jiskaprezan Ayiti anrejistre 7 ka lanmò e OMS lanse avetisman pou di gen kek ka ke yo petet gen viktim ki mouri ak maladi a san ke yo pat janm detekte li. Yo krenn pou yon lòt epidemi pa anvayi Ayiti.

Pòtpawòl OMS nan vil Jenev an Swiss di: "Li trez enpòtan kounyea pou voye asistans ann Ayiti, pi vit posib."

XS
SM
MD
LG