Accessibility links

Breaking News

90 Gwoup Sosyete Sivil Mande Biden pou l Pa Voye yon Fòs Entèvansyon an Ayiti


Foto Achiv: Yon gason kenbe yon pankat ki di "Aba Okipasyon Ameriken" pandan yon manifestasyon pou mande demisyon Premye Minis Ayisyen Ariel Henry, apre plizye seen rate pwodwi nan Potoprens, Ayiti, 17 Oktob 2022.
Foto Achiv: Yon gason kenbe yon pankat ki di "Aba Okipasyon Ameriken" pandan yon manifestasyon pou mande demisyon Premye Minis Ayisyen Ariel Henry, apre plizye seen rate pwodwi nan Potoprens, Ayiti, 17 Oktob 2022.

Yon gwoup 90 oganizasyon sosyete sivil, pami yo American Friends Service Committee, Church World Service, Haitian Bridge Alliance, Institute for Justice & Democracy in Haiti epi Pax Christi USA voye yon lèt bay Prezidan Joe Biden kote yo mande'l pa voye yon fòs entevansyon milite an Ayiti. Gwoup la voye yon kopi lèt sa a bay Sekrete d Eta Antony Blinken.

Haiti-Military-Force-Organizational-Sign-on.pdf

Let la souliyen kèk pami pwoblem entevansyon militè te koze pou Ayiti nan le pase - tankou pa egzanp vyòl, asasina ak enpinisyon, ak epidemi kolera 2010 la.

Lèt la mande tou pou administrasyon Biden nan re-evalye sipò li pou sa li dekri tankou "premye minis de fakto" Ariel Henry, ki pa eli e ki gen lyen kredib ak asasina prezidan Jovenel Moise la.

Lèt la di: "Nou gen gwo kè sote dèske deplwaman yon fòs militè pral sèlman pèpetue ak ranfòse grif Henry sou pouvwa a pandan sa pa fè anyen pou amelyore rasin koz kriz nap konstate jodia."

Lèt la mande Biden pito pou'l pousuiv "diplomasi robist" ak ankèt kriminèl pou jwen moun ki responsab pou zak vyolans an Ayiti.

Li mande administrasyon an - reflechi sou desizyon li te pran pou opoze sibvansyon petwòl Ayiti yo - paske sa lakoz gaz la tèlman chè pesonn paka achte l.

XS
SM
MD
LG