Accessibility links

Breaking News

Bandi ak Zam Atake Oto Anbasad Etazini an Ayiti


Bandi ak Zam Atake Konvwa Anbasad Etazini an Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:47 0:00

Bandi ak Zam Atake Konvwa Anbasad Etazini an Ayiti

Bandi ak zam tire sou machin Anbasad Etazini an Ayiti Lendi, nan yon atak ki afekte lapolis Ayisyen ak machin komesyal tou, dapre yon pòt pawòl anbasad la.

Kathryn Edwards, Responsab Enfòmasyon anbasad la fe konnen nan yon deklarasyon: "Okenn anplwaye anbasad la pat blese. Yon chofe komesyal Ayisyen ki te akonpaye konvwa a blese. Sepandan blese yo pa mete vi li an danje."

Deklarasyon an pa idantifye atakan yo. Zak vyolans gang yo ogmante anpil nen peyi a, e gen yon medya lokal ki di se gang 400 Mawozo a ki te mennen atak la. Se menm gang sa a ki te kidnape yon gwoup misyone Ameriken ak Kanadyen an 2021.

Depatman d Eta poko fe kòmante sou ensidan an.

Pòt pawòl gouvenman Ayisyen an Jean-Junior Joseph di ajans nouvel Reuters rapò sou ensidan an kòrek.

Pi bone mwa sa a Polis Nasyonal Ayiti te reprann kontwol teminal petwòl Varreux a ke kowalisyon gang G9 la te bloke, e ki te kreye yon rate grav seve epi deklanche yon kriz imanite an Ayiti.

Kounyea petwòl rekòmanse sikile nan peyi a.

XS
SM
MD
LG