Accessibility links

Breaking News

Depatman d Eta Ofri $1 Milyon pou Enfòmasyon ki Debouche sou Arestasyon, Kondanasyon 3 Chèf Gang Ayisyen


Foto Achiv: Sekrete d Eta Antony Blinken, pandan yon konferans pou lapres nan vil Muenster, Almay.
Foto Achiv: Sekrete d Eta Antony Blinken, pandan yon konferans pou lapres nan vil Muenster, Almay.

Sekretè dEta Antony Blinken anonse rekonpans Lendi 7 Novanm nan rekonpans $1 milyon pou enfòmasyon ki ta debouche sou arestasyon ak kondanasyon devan lajistis 3 chèf gang Ayisyen.

Yo se: Lanmò Sanjou - Joseph Wilson, Jermaine Stephenson (alyas Gaspiyay epi Vitel' Homme Innocent.

Lajistis Ameriken akize mesye sa yo dèske yo te konplote pou patisipenan krim oganize atravè plizyè peyi. Depatman d Eta di li fè anons sa a an konjonksyon ak Depatman Jistis Etazini ki lanse akizasyon kont 3 moun sa yo.

Lajistis Etazi ap pousuiv yo an koneksyon ak kidnaping 16 Milyonè Ameriken ak yon misyonè Kanadyen ke yo te kenbe pou ranson. Yo te mete men sou misyonè yo nan Ganthier a lès Potoprens. Nan gwoup la te gen 12 adilt ak 5 timoun.

Blinken di Etazini apiye jefò lapolis Ayisyen ap fè pou ranfòse eta de dwa a an Ayiti epi konbat krim oganize transnasyonal ki rete kòm youn nan bagay ki lakoz sityasyon imanitè a ak ensekirite a grav konsa an Ayiti.

Chèf diplomasi Ameriken an di Etazini pran mezi sa a nan kad angajman li pran vizavi pèp Ayisyen an nan moman yap fè fas ak plizyè kriz.

Depatman d Eta ofi rekonpans yo anba pwogram Rekonpans pou Krim Oganize Transnasyonal la epitou Pwogram Rekonpans Nakotik la ki deja ede lajist mete men sou plis pase 75 kriminèl ak trafikan dwòg.

Depatman d Eta fè konnen li deja peye moun ki ede mete men sou kriminèl sa yo plis pase $155 milyon.

Koresponsan VOA nan Depatman d Eta, Nike Ching, kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG