Accessibility links

Breaking News

Chèf Gang 'Barbecue' Deklare li Pral Sispann Bloke Tèminal Varreux a


Foto Achiv: Jimmy Cherizier, alyas Barbecue, lide gang "G9 Fanmi ak Alye" a kanpe nan La Saline, Potoprens, Vandredi 22 Oktob 2021.
Foto Achiv: Jimmy Cherizier, alyas Barbecue, lide gang "G9 Fanmi ak Alye" a kanpe nan La Saline, Potoprens, Vandredi 22 Oktob 2021.

Jimmy Cherizier alyas 'Barbecue' ki se chèf gang pwisan G9 la deklare li pral sispann bloke tèminal petwol kle Varreux ki lakoz yon rate gaz seve nan kapital Ayisyèn nan depi prèske 2 mwa.

Anons lan Dimanch, vini apre gouvènman an te di li jwenn siksè pasyel nan tantativ pou debloke tèminal la. Met sou sa, Nasyonzini adopte sa pa gen lontan, yon rezolisyon ki enpoze sanksyon ki sible Cherizier.

Yon teminal petwol nan Potoprens, Vandredi 4 Nov. 2022.
Yon teminal petwol nan Potoprens, Vandredi 4 Nov. 2022.

Sepandan li pa kle kiyès egzakteman ki kontwole tèminal la ansanm ak zon ozalantou li. Pa gen okenn prèv non plis tou, ke petwol komanse soti.

Nan yon diskou li pibliye sou rezo sosyal, Cherizier lanse apèl bay chofè kamyon yo pou yo vin plen tank yo.

XS
SM
MD
LG