Accessibility links

Breaking News

Minis Afè Etranje G7 yo Eksprime Kè Sote yo pou Sityasyon Ayiti


Minis Afe Etranje G7 yo pandan yon rankont nan Muenster, Almay, 4 Nov 2022.
Minis Afe Etranje G7 yo pandan yon rankont nan Muenster, Almay, 4 Nov 2022.

Minis afè etranje Gwoup 7 pi gran peyi endistriyalize nan mond lan, G7, eksprime kè sote yo pou sityasyon imanitè Ayiti nan yon deklarasyon yo pibliye Vandredi.

G7 la rankontre nan peyi Almay Jedi ak Vandredi semèn sa a. Minis yo souliyen preokipasyon yo pou kolera kap pwopaje an Ayiti, kriz alimantè a ki vin pi grav epi rate gaz la.

Deklarasyon an di: "Nou kondane zak vyolans gwoup ame yo ak moun ki apiye yo. Yap teworize epi kenbe popilasyon an an otaj. Nou reitere angajman nou pran pou apiye tout jefo kap fèt pou rezoud vit e prese kriz ensekirite a ak kriz imanitè a."

Minis yo ajoute: "Nou lanse apèl bay tout pati prenan yo an Ayiti pou retabli lod ak sekirite epi pèmèt livrezon asistans popilasyon an bezwen dijans la, fèt. Nou felisite Konsèy Sekirite Nasyonzini an pou seri sanksyon li adopte 21 Oktob. Nou reitere enpotans etablisman kondisyon nesesè pou eleksyon lib e onèt kapab dewoule."

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Reuters

XS
SM
MD
LG