Accessibility links

Breaking News

Depatman Jistis Etazini Akize Plizyè Chèf Gang Ayisyen pou Kidnaping Sitwayen Ameriken


Foto Achiv: Direkte FBI Christopher Wray (sou podyom nan) ak Minis Jistis Merrick Garland, pandan yon rankont ak lapres.
Foto Achiv: Direkte FBI Christopher Wray (sou podyom nan) ak Minis Jistis Merrick Garland, pandan yon rankont ak lapres.

Depatman Jistis anonse Lendi 7 Novanm nan akizasyon kriminèl kont 7 chèf gang Ayisyen - pami yo chèf gang ki te patisipe nan kidnaping ak zam 16 sitwayen Etazini an 2021.

Minis Jistis Etazini Merrick Garland deklare: "Lè yo kidnape yon sitwayen Ameriken lòt bo dlo, Depatman Jistis la sevi ak tout pouvwa li genyen a la dispozisyon li pou asire sitwayen yo tounen lakay yo sen e sof epi trennen moun ki responsab yo devan lajistis."

Li ajoute: "Jan akizasyon sa yo montre, nou pran angajman pou'n travay ak patnè nou yo atravè plizyè ajans pou kraze konplo kidnaping pou ranson ki mete lavi sitwayen Ameriken an danje e ki bay gang vyolan ki poze yon menas pou pèp Ayisyen an jarèt."

Pami akizasyon Depatman Jistis la devwale, gen yen akizasyon federal kont 3 Ayisyen pou konpli pou pran moun an otaj epi pou wol yo te jwe nan kidnaping 16 misyonè yo nan Potoprens. Yo te kenbe moun sa yo pandan 61 jou e nan gwoup la te gen 5 timoun ak yon ti bebe 8 mwa.

Met sou akizasyon yo, Depatman jistis la anonse yon rekonpans $3 milyon dola / swa $1 milyon pou chak pami 3 akize sa yo. Rekonpans lan pral rive jwenn moun ki ta bay lajistis enfomasyon ki debouche sou arestasyon 3 akize yo ke yo kwe an Ayiti.

Direktè FBI, Christoher Wray deklare: "Akizasyon nou devwale jodia sèvi pou raple ke FBI gen kapasite pou'l mete men sou kriminèl lot bo dlo, lè yo komèt krim kont sitwayen Ameriken.

Ajan FBI Robert M. DeWitt ki travay nan biwo FBI genyen nan Miami e ki te sipèvize ka sila a di: "Lè yon moun komèt krim kont sitwayen Ameriken an Ayiti ak toupatou nan rejyon sa a, nou pousuiv yo san pran souv. FBI gen kapasite pou mennen ankèt epi sèvi ak pouvwa li pou idantifye responsab yo.

Ankèt sou kidnaping misyonè yo deja debouche sou akizasyon, arestasyon ak transfè Ozetazini 2 swadizan lidè gang 400 Mawozo a - an palan de Joly Germine (alyas Yonyon) epi Jean Pelice (alyas Zo) ki fèmen nan prizon Ozetazini depi mwad Jiyè 2022. Yo tou le 2 plede non koupab a akizasyon yo.

Akizasyon kidnaping ki anonse jodia sible chèf 3 lot gang Ayisyen:

  • Renel Destine (alyas Ti Lapli )- Chèf Gang Gran Ravine
  • Emanuel Solomon (alyas Manno) Chèf Gang Village de Dieu
  • John Peter Fleronvil ak Jean Renald Dolcin - Chèf Gang Kokorat San Ras


Lajistis Ameriken raple ke akizasyon se senpman akizasyon - chak akize prezime inosan juskaske yon juri jwenn yo koupab nan tribinal.

Si yon juri jwenn yo koupab, jij la va deside santans yo.

XS
SM
MD
LG