Accessibility links

Breaking News

Bolsonaro di Kou Siprèm Brezil Eleksyon an "Fini"


Prezidan Brezilyen Jair Bolsonaro anvan yon diskou nan rezidans prezidansyel la nan Brasilia, Brezil, Madi 1 Nov. 2022.
Prezidan Brezilyen Jair Bolsonaro anvan yon diskou nan rezidans prezidansyel la nan Brasilia, Brezil, Madi 1 Nov. 2022.

Prezidan Brezilyen an Jair Bolsonaro di manm Kou Siprèm peyi a Madi swa ke batay elektoral li kont rival gochis Luiz Inacio Lula da Silva fini. Se yon pa nan direksyon yon konsesyon, apre defèt li sibi nan dezyèm tou eleksyon prezidansyèl 30 Oktòb la.

Anvan sa, lidè zèl dwat la pat admèt li pèdi eleksyon an. Li te pale pito pou remèsye patizan li yo, epi ankouraje yo pwoteste pasifikman.

Kek moman apre premye diskou Bolsonaro apre eleksyon an, chèf kabinè prezidan sòrtan an, Ciro Nogeira te anonse prezidan an otorize'l tanmen pwosesis pasasyon pouvwa a.

XS
SM
MD
LG