Accessibility links

Breaking News

Lula Ranpòte La Viktwa sou Bolsonaro pou l Re-Eli Prezidan Brezil

Patizan ansyen Prezidan Brezilyen Luiz Inacio Lula da Silva reyaji apre yo tande rezilta dezyem tou eleksyon prezidansyel la nan Rio de Janeiro, 30 Oktob, 2022.

Otorite elektoral Brezil fè konnen Luis Inacio Lula da Silva, ki se manm pati gochis Travayè yo ranpòte la viktwa sou Jair Bolsonaro pou l tounen pwochen prezidan peyi a.

Apre yo fin konte 98.8 pousan vwa yo, da Silva gen 50,8% vwa yo e Bolsonaro gen 49,2%. Otorite elektoral la di viktwa da Silva a se yon sètitid matematik.

Patizan ansyen Prezidan Brezilyen Luiz Inacio Lula da Silva reyaji apre yo tande rezilta dezyem tou eleksyon prezidansyel la nan Rio de Janeiro, 30 Oktob, 2022.
Patizan ansyen Prezidan Brezilyen Luiz Inacio Lula da Silva reyaji apre yo tande rezilta dezyem tou eleksyon prezidansyel la nan Rio de Janeiro, 30 Oktob, 2022.

Da Silva, ki te dirije Brezil ant 2003 ak 2010 - pwomèt pou'l restore pase peyi a kote te gen anpil pwosperite. Sepandan, lap fè fas ak anpil defi nan moman sosyete a divize.

Se yon retou sou pouvwa a etonan pou da Silva, ki te pran prizon an 2018 poutèt yon skandal koripsyon e sa te lakoz li pat ka poze kandidati li a la prezidans. Sa te pave chimen an pou Bolsonaro te ranpote eleksyon an nan menm ane a.

XS
SM
MD
LG