Accessibility links

Breaking News

Bezilyen ap Chwazi ant Bolsonaro ak Lula Kòm Pwochen Prezidan


Yon elekte vlope ko li ak drapo Brezilyen an nan moman li rive nan biwo d vot pou depoze bilten li nan dezyem tou eleksyon prezidansyel la, Dimanch 30 Oktob, 2022.
Yon elekte vlope ko li ak drapo Brezilyen an nan moman li rive nan biwo d vot pou depoze bilten li nan dezyem tou eleksyon prezidansyel la, Dimanch 30 Oktob, 2022.

Brezilyen yo ap vote nan dezyem tou eleksyon prezidansyèl la ki kreye anpil divizyon nan mitan sosyete a. Prezidan ektrèm dwat Jair Bolsonaro ap fè fas ak enmi politik li, ansyen Prezidan gochis Luiz Inacio Lula da Silva.

Tou le 2 kandida yo se moun pèp la konnen byen e ki soulve pasyon ak kolè epitou divizyon.

Prezidan sotan an pwomèt pou'l sofgade prensip Krentyen konsèvatè yo, tandiske rival li pwomèt pou'l fè Brezil reviv moman nan pase li kote ekonomi an tap byen mache.

Gen plis pase 120 milyon Brezilyen ki pral depoze bilten Dimanch.

Pwiske eleksyon an ap fèt elektwonikman, rezilta final yo ap piblik kèk hè'd tan sèlman apre biwo vot yo femen.

XS
SM
MD
LG