Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Brezil: Lula ak Bolsonaro Pwal Tope Kòn yo Ankò

A demonstrator dressed in the colors of the Brazilian flag stands in front of towels for sale featuring Brazilian presidential candidates current President Jair Bolsonaro, center, and former President Luiz Inacio Lula da Silva, in Brasilia, Brazil, Sept.

2 prensipal kandida yo pou prezidan Brezil pwal tope kòn yo ankò nan yon 2èm tou apre okenn nan yo pa jwenn ase sipò pou genyen eleksyon an depi nan premye tou dimanch nan 4èm pi gran demokrasi nan mond la.

Lè responsab yo fin konte 99,9 pousan bilten yo, ansyen Prezidan Luiz Inacio da Silva te pran 48,4 pousan vwa e Prezidan Jair Bolsonaro te pran 43,2 pousan. 9 lòt kandida te nan kous la, men yo fini byen lwen dèyè Bolsonaro ak da Silva, ke tout moun rele Lula.

Rezilta sere sa a se yon sipriz, apre ke sondaj anvan eleksyon an te moutre da Silva ap mennen ak yon pakèt pwen devan. Dènye sondaj ke Datafolha te pibliye samdi te jwenn da Silva ak 50 pousan e Bolsonaro ak 36 pousan. 12-mil-800 moun te reponn kesyon nan sondaj la e tout erè ki ta fèt pa ta depase 2 pwen.

Nan yon konferans pou laprès apre vòt la, da Silva di 2èm tou 30 Oktòb la kont Bolsonaro se pwolongasyon nan yon match football.

XS
SM
MD
LG