Accessibility links

Breaking News

Brezil: Ap Gen yon Dezyèm Tou Eleksyon Prezidansyèl


Composición fotográfica Lula y Bolsonaro
Composición fotográfica Lula y Bolsonaro

Prezidan Tribinal Elektoral Siperyè Brezil la, Alexandre de Moraes, anonse ke pral gen yon dezyèm tou eleksyon prezidansyèl nan dat 30 oktòb la.

Prezidan sòtan Jair Bolsonaro te montre feblès sondaj yo apre rezilta final yo te montre li fini ak preske menm kantite vwa ak ansyen prezidan an Luiz Inacio Lula da Silva.

Ansyen prezidan zèl goch Lula te fini an tèt premye tou eleksyon prezidansyèl la dimanch, men prezidan sòtan Jair Bolsonaro fini an dezyèm, e yo prale nan dezyèm tou, pou deside kiyes ki pral chita sou chèz boure a.

Luiz Inacio Lula da Silva, ikon zèl goch brezilyen an, li ranpòte premye tou a ak 47,97% vòt yo, devan aktyèl prezidan ekstrèm dwat la ki jwenn li menm 43,60% vwa yo.

XS
SM
MD
LG