Accessibility links

Breaking News

Brezil: Bolsonaro Jiska Prezan Rete Nan Silans Apre Defèt li Devan Lula


BRAZIL-ELECTION/BOLSONARO
BRAZIL-ELECTION/BOLSONARO

Prezidan ekstrèm dwat Jair Bolsonaro jiska prezan pa di krik, plis pase 24 èdtan apre li pèdi eleksyon an fas a Luiz Inacio Lula da Silva, ke anpil lidè etranje te aksepte viktwa li, epi felisite l.

Ekip Lula a te deja gen ekyetid ke aktyel chèf deta ta refize aksepte rezilta yo si li pèdi. Sipòtè Mesye Bolsonaro bloke otowout toupatou nan peyi a.

Sekirite a te ranfòse toupatou nan peyi a tankou Palè Prezidansyèl la, Tribinal Siprèm lan ak Palman an, yon fason pou anpeche manifestan fè deblozay ak kraze brize.

Bolsonaro pèdi devan Lula Dimanch (50,9% - 49,1%) nan eleksyon yo, chèf leta a ki gen pouvwa - jiska pasasyon an 1ye janvye - izole tèt li nan rezidans ofisyèl li nan Alvorada nan Brezil.

XS
SM
MD
LG