Accessibility links

Breaking News

Chofè Kamyon Brezil Bloke Sikilasyon an Pou Pwoteste kont Pèt Bolsonaro nan Eleksyon an


Yon sitwayen Brezilyen kenbe yon pankat ki di "Chofe Kamyon Nou se Fyete Brezil" pou montre sipo li pou blokis chofe yo fe sou otowout Rio de Janeiro a, 31 Oktob, 2022.
Yon sitwayen Brezilyen kenbe yon pankat ki di "Chofe Kamyon Nou se Fyete Brezil" pou montre sipo li pou blokis chofe yo fe sou otowout Rio de Janeiro a, 31 Oktob, 2022.

Chofè kamyon Brezilyen ki se patizan Prezidan Jair Bolsonaro bloke plizyè santèn wout peyi a bonè Madi pou pwoteste kont echèk li devan ansyen Prezidan Luiz Inacio Lula da Silva nan eleksyon prezidansyèl la Dimanch swa.

Plizyè chofè kamyon bloke sikilasyon an nan divès rejyon peyi Brezil depi viktwa da Silva a Dimanch swa e yo deklare yo pap aksepte defèt Bolsonaro a.

Bolsonaro poko pale piblikman depi rezilta ofisyèl yo soti sa gen 36 zè desa. Li pa rele da Silva non plis pou admèt defèt li.

Yon majorite jij Kou Siprèm Brezil vote bonè madi pou pase lod bay polis federal ki jere otowout yo pou dekonjestyone wout yo san pèdi tan.

XS
SM
MD
LG