Accessibility links

Breaking News

COP27: Prezidan Eli Brezil, Lula Pwomet yon Nouvo Jou pou Amazòn nan


Prezidan-eli Brezil la Luiz Inacio Lula da Silva salye moun nan moman li rive nan rankont o some sou chanjman klimatik la, COP27 kap dewoule nan Sharm el-Sheikh, Ejipt, 16 Nov. 2022.
Prezidan-eli Brezil la Luiz Inacio Lula da Silva salye moun nan moman li rive nan rankont o some sou chanjman klimatik la, COP27 kap dewoule nan Sharm el-Sheikh, Ejipt, 16 Nov. 2022.

Prezidan-eli peyi Brezil, Luiz Inacio Lula da Silva pwomet pou'l konbat debwazman le li monte sou pouvwa a 1 Janvye.

Da Silva, ki te prezidan Brezil ant 2003 ak 2010, ap patisipe nan rankont o some sou chanjman klimatik la COP27, kap dewoule an Ejipt.

Nan premye paret piblik li Mekredi, da Silva di gouvenman li an pral fikse kòm priyorite kestyon konbat debwazman an. Li di li pral sigjere pou responsab LONU yo oganize rankont ane 2025 la nan Amazon nan.

Da Silva voye pwent sou Prezidan Jair Bolsonaro tou, ki te ankouraje devlopman ekonomik rejyon Amazon nan.

Da Silva bat Bolsonaro nan eleksyon prezidansyel ki te dewoule mwa pase a. Misye gen pou'l pran la pawòl Mekredi pandan rakont COP27 la epi patisipe nan some a jiska Jedi.

XS
SM
MD
LG