Accessibility links

Breaking News

Atis BTS Suga Pral Pibliye Nouvo Albòm ni 21 Avril


Atis gwoup BTS Suga asiste yon match NBA ant Los Angeles Lakers ak Dallas Mavericks, 12 Janvye 2023.
Atis gwoup BTS Suga asiste yon match NBA ant Los Angeles Lakers ak Dallas Mavericks, 12 Janvye 2023.

Vedèt gwoup K-Pop BTS Suga te pibliye youn nan nouvo tub li yo 7 Avril ki sot pase a. Li rele "People Pt. 2" e li fè pati premye albòm solo ofisyèl misye a ki rele "D-DAY".

Suga sèvi ak non de plim Agust D nan chante a, ki enkli yon featuring ak chantez, konpozitez ak aktris popilè Sid Koreyèn IU.

Mesye-dam yo te deja kolabore ansanm sou chante ki rele "Eight" la an 2020, ki parèt sou albòm mamzèl. Suga te chante ak li epi pwodui chante a.

XS
SM
MD
LG