Accessibility links

Breaking News

Prens Harry Pral Asiste Kouwonman Papa l, Men pa Meghan


Foto Achiv: Prens Harry d Anglete nan jaden pale Buckingham nan Lond, 16 Janvye 2020.
Foto Achiv: Prens Harry d Anglete nan jaden pale Buckingham nan Lond, 16 Janvye 2020.

Palè Buckingham fè konnen Prens Harry pral asiste kouwonman papa li, Wa Charles III, nan Westminster Abbey 6 Me.

Anons la mete fen nan plizyè mwa pale anpil kote moun tap chache konnen si prens la tap resevwa envitasyon pou l asiste gwo evenman sa a apre li fin akize fanmi wayal la de rasism ak manipulasyon laprès.

Sepandan, madanm Harry a, Meghan, Duchès Sussex la, pral rete Kalifoni ak 2 timoun koup la, Prens Archie ak Prensès Lilibet.

Dat kouwonman an konwenside ak fèt pitit gason yo.

Harry ap asiste kouwonman papa li, malgre kont ki pete ant limenm ak Mezon Winsdor la apre li te deside revele kèk sekrè familyal nan liv li a "Spare", ki se youn pami liv ki pi pi popilè nan mond lan.

XS
SM
MD
LG