Accessibility links

Breaking News

Liv Prens Harry a Bat Rekò Premye Jou Li Kòmanse Vann nan Magazen


Kopi nouvo liv Prens Harry a "Spare" nan magazen Sherman's book store nan vil Freeport, eta Maine, Madi 10 Janvye 2023.
Kopi nouvo liv Prens Harry a "Spare" nan magazen Sherman's book store nan vil Freeport, eta Maine, Madi 10 Janvye 2023.

Lavant nouvo liv li a "Spare" (savledi de rechanj) mete Duk Sussex la sou yon lis ki pa gen anpil moun sou li.

Konpayi Penguin Random House ki pibliye liv la anonse Mèkredi lavant yo premye jou a depase 1,4 milyon kopi. Nan liv la Prens Harry bay detay sou fanmi wayal la ak kont ki pete ant limenm ave yo.

Chif sa a se yon nouvo reko pou yon liv ki pa fiksyon. Se menm konpayi sa a ki pibliye liv ansyen prezidan Barack ak premye dam Michelle Obama. Liv madan Obama a "Becoming" (savledi devni) te pran yon semèn pou vann 1,4 milyon kopi.

Lavant liv "Spare" la disponib tou kom liv odyo epi e-book (kopi dijital).

"Spare" rakonte istwa trè pesonèl Harry sou fanmi wayal la ak relasyon ni ak aktris Amerikèn Meghan Markle ki se madanm ni, Duchès Sussex la kounyea.

XS
SM
MD
LG