Accessibility links

Breaking News

Prens Harry Akize Camilla de Revelasyon 'Danjre' ak Laprès


Yon pankat ki fe piblisite pou liv Prens Harry a "Spare" nan Lond, Anglete, 9 Janvye, 2023.
Yon pankat ki fe piblisite pou liv Prens Harry a "Spare" nan Lond, Anglete, 9 Janvye, 2023.

Prens Harry akize bèlmè li, Camilla, rèn konsò dèske li bay laprès detay sou konvèsasyon prive pou ogmante repitasyon li.

Prens la ap fè piblisite pou yon nouvo liv kote li mete anpil verite deyò sou lavi li nan palè Britanik la.

Nan entèvyou li bay ki te pibliye Dimanch ak Lendi, Harry akize manm fanmi wayal Britanik la dèske yo "kouche ak dyab la" pou atenn kouvèti favorab nan jounal yo.

Li sible an patikilye jefò Camilla te fè pou reyabilite imaj li devan pèp Britanik la apre li te pase anpil tan kòm metrès papa li, ki se kounyea Wa Charles III.

XS
SM
MD
LG