Accessibility links

Breaking News

Nan yon Nouvo Seri Netflix, Prens Harry ak Madanm ni Meghan Kritike Jounal Britanik yo


Imaj sa a ke Netflix pibliye montre Prens Harry ak Meghan, Duk ak Duches Sussex, nan yon sen dokimante "Harry & Meghan" nan ke Netflix pibliye sou rezo li a.
Imaj sa a ke Netflix pibliye montre Prens Harry ak Meghan, Duk ak Duches Sussex, nan yon sen dokimante "Harry & Meghan" nan ke Netflix pibliye sou rezo li a.

Prens Harry ak madanm ni, Meghan, kritike ak fòs, laprès Britanik la kòm rasis. Yo di se atitid sa a ki te lakoz yo te kouvri relasyon yo jan yo te fèl la.

Koup la pwomet pou"l bay "tout verite a" sou relasyon yo ak fanmi wayal la ki pa bon ditou kounyea.

Netflix pibliye premye 3 epizòd seri a Jedi 8 Desanm. Pwogram nan baze sou entèvyou ak koup la, zanmi yo epi ekspè sou ras. Premye 3 epizòd yo bay detay sou relasyon sere-sere ki egziste ant jounal ki pibliye zen yo nan peyi Angletè ak fanmi wayal la.

Li diskite tou istwa rasism nan Anpir Britanik la ak kijan atitid sa a kontinye anvayi sosyete a jous kounyea.

XS
SM
MD
LG