Accessibility links

Breaking News

Yon Jij di Prens Harry Kapab Asiyen Gouvènman Britanik la Pou Plan Sekirite li a


Foto Achiv: Prens Harry d'Anglete rive nan Pale Buckingham nan nan vil Lond, Jedi 16, 2020.
Foto Achiv: Prens Harry d'Anglete rive nan Pale Buckingham nan nan vil Lond, Jedi 16, 2020.

Yon jij deside Prens Harry kapab asiyen gouvènman Britanik la pou aranjman sekirite yo fè pou li lè li vizite Angletè.

Harry ak madanm ni Meghan, te pèdi pwoteksyon lapolis leta te konn peye pou yo lè yo te deside sispann travay kom manm fanmi wayal la epi al vivi nan Amerik di No an 2020.

Prens la vle peye pèsonèlman pou pwoteksyon lapolis lè li vizite Angletè e lap defye gouvènman an, ki refize kite'l fè sa.

Jij Jonathan Swift deside Vandredi kèk pati defi a "valab devan tribinal la" e ke yo ta dwe fè yon odisyon sou sa.

Okenn dat poko fikse pou pwosè a.

XS
SM
MD
LG