Accessibility links

Breaking News

Harry ak Meghan al Vizite Rèn Elizabèt II


Britain Prince Harry
Britain Prince Harry

Prens Harry ansanm ak madanm li Meghan, al vizite grann li, Rèn Elizabèt II Jedi, pandan yon eskal nan la Grand Bretay anvan yo te vwayaje nan La Haye, dapre sa yon pòtpawòl koup la te di laprès.

Koup la ki ap vwayaje pou ale Peyi Ba pou patisipe wikenn sa nan yon evenman spesyal ki rele , "Invictus Games" ki se yon konpetisyon espò ki fèt pou blese nan lagè ak andikape, ke Harry li menm te kreye.

Harry, 37, ak Meghan, ki 40 lane te kite Lond depi lè yo te fè yon retrè ki te soulve gwo pale anpil nan fanmi wayal la, sa deja gen 2 ane edmi de sa. Kounye a Koup la ap viv nan eta Kalifòni Ozetazini kounyea.

Yo te absan nan fen mwa mas la nan yon seremoni pou rann omaj bay granpè 'Prens Philip, ki te mouri ane pase a a laj 99 an.

Lè yo te anonse absans yo nan seremoni an, yon pòtpawòl koup la te ensiste ke yo te espere vizite Rèn nan trè byento, e ke nan mwa Jen ki ap vini la, yo gen pou selebre 70 anivèsè rèn nan sou twon nan.

XS
SM
MD
LG