Accessibility links

Breaking News

Yon Tribinal Britanik Apiye Meghan Nan Kont li ak Laprès


Foto Achiv: Meghan Markle ak Prens Harry nan Nouyok, Jedi 23 Sept. 2021.
Foto Achiv: Meghan Markle ak Prens Harry nan Nouyok, Jedi 23 Sept. 2021.

Yon tribinal britanik voye jete apèl yon jounal te fè kote li tap chache ranvèse desizyon yon jij te pran anvan sa pou di li te vyole vi prive Dichès Sussex la lè'l te pibliye ekstrè yon lèt li te voye bay papa li, ki fache avè'l.

Kou d'Apèl la deside apiye Jedi, desizyon yon Wo Kou a te pran nan mwad Fevriye a ke piblikasyon lèt ke Meghan Markle te ekri pou papa li, Thomas Markle apre li te fin marye ak Prens Harry an 2018 sete yon "eksè masif, kidonk ilegal."

Pwopriyetè jounal Mail on Sunday ak sit entènèt MailOnline te defye desizyon sa a.

Nan yon deklarasyon li pibliye, Meghan deklare desizyon Kou d'Apèl la se "pa sèlman yon viktwa pou mwen, men pou tout moun ki te janm pè kanpe fèm pou defann sa ki kòrèk."

XS
SM
MD
LG