Accessibility links

Breaking News

Manifestan Pran Lari Peyi La Frans Ankò


Yon manifestan kenbe yon flanm pandan yon manifestasyon nan vil Nante, rejyon wes La Frans, 6 Avril 2023.
Yon manifestan kenbe yon flanm pandan yon manifestasyon nan vil Nante, rejyon wes La Frans, 6 Avril 2023.

Manifestan bloke sikilasyon nan prensipal ayeropò Paris a epi pran lari nan plizyè lòt vil peyi La Frans nan kad yon jefò nasyonal pou fòse Prezidan Emmanuel Macron voye jete refòm li gen entansyon fè nan sistèm pansyon an.

Macron vle ogmante laj retret la de 62 zan a 64 an e sa deklanche plizyè semèn manifestasyon kote moun yo move kou kong.

10 seri grèv ak manifestasyon nasyonal ki dewoule depi mwad Janvye a pa konvenk Macron pou l chanje lide.

Gen chita tande kap fet ant lidè sendika travay yo ak Premye Minis Elisabeth Borne men yo te kraze Mèkredi, epi pare chimen an pou plis manifestasyon nan lari Jedi.

Nan vil Paris, moun ki trape rat yo te voye kadav rad ki mouri sou bilding Otèl de Vil la.

XS
SM
MD
LG