Accessibility links

Breaking News

Manifestan an Frans Bloke Tren, Otowout, Goumen ak Lapolis


Yon manifestan kenbe yon drapo bo kote yon dife pandan yon lese frape ak lapolis pandan yap pwoteste kont plan refom pansyon gouvenman Franse a, nan Paris, 28 Mas, 2023.
Yon manifestan kenbe yon drapo bo kote yon dife pandan yon lese frape ak lapolis pandan yap pwoteste kont plan refom pansyon gouvenman Franse a, nan Paris, 28 Mas, 2023.

Manifestan nan peyi La Frans bloke ray tren, otowout epi antre nan lese frape ak lapolis nan kèk vil, pou pwoteste kont lwa pansyon Prezidan Emannuel Macron an ki pa popilè ditou ditou.

Nan vil Nantes, nan wès peyi a, yo mete dife nan fasad bank BNP Paribas. Yo mete dife nan yon machin tou pandan kèk manifestan te voye fe datifis sou lapolis.

Nan Paris ak Marseille, manifestan yo te bloke ray tren yo pandan yon bon moman.

Pi bonè nan jounen an, gouvènman an te rejte yon nouvo demann sendika yo fè pou sispann epi repanse lwa a ki pral retade laj pansyon an pa 2 zan. Nouvo laj pou moun pran retrèt yo se va 64 an, yon koze ki vekse lidè sendika yo ki di fok gouvènman an jwenn yon solisyon pou soti nan kriz sa a.

Gouvènman an bò kote pa li di li dakò pou pale ak sendika yo men sou lòt sijè e li sèmante pou l kanpe fèm dèyè nouvo lwa a.

Macron, ki te pwomèt pou l fè refòm nan sistèm pansyon an pandan tou le 2 kanpay prezidansyèl li yo di fòk yo fè chanjman sa yo pou ekilibre sityasyon finansye La Frans.

Sendika yo ak opozisyon an di gen lòt fason yo ka fè sa.

Dè milyon Franse pran lari pou pwoteste depi mitan mwad Janvye a pou montre yo opoze lwa a.

Sepandan fristrasyon publik la devolye kounyea pou l tounen yon gwo mekontantman ak Macron.

An patikilye, manifestasyon yo entansifye depi gouvènman an te sèvi ak pouvwa jidisyè espesyal li pou apwouve lwa pansyon an san palman an pat vote sou li.

XS
SM
MD
LG