Accessibility links

Breaking News

Se Prezidan Macron ki te mande Wa Charles III Ranvwaye Vizit li an Frans Dapre Downing Street


FRANCIA-PENSIONES-PROTESTAS
FRANCIA-PENSIONES-PROTESTAS

Vandredi, Downing Street di se Prezidan franse Emmanuel Macron ki te mande ranvwaye vizit deta wa Charles III ak Camilla gen pou yo fè nan peyi Lafrans.

Yon anons ki soti nan palè Elysée a fè konnen vizit la ranvwaye akòz mouvman pwotestasyon manch long nan tout peyi a kont refòm pansyon ke Macron deside mete sou pye a.

Pòtpawòl Premye Minis Britanik Rishi Sunak di "Se tout pati yo ki te mete ansanm pou pran desizyon an, apre Prezidan franse a te mande gouvènman Britanik la ranvwaye vizit la".

XS
SM
MD
LG