Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Franse a Suviv 2 Vot Non-Konfyans


Franse pran lari pou pwoteste kont pwoje lwa retret la nan Paris, Lendi 20 Mas, 2023.
Franse pran lari pou pwoteste kont pwoje lwa retret la nan Paris, Lendi 20 Mas, 2023.

Gouvenman Franse a suviv 2 vot non-konfyans nan chanm bas palman an Lendi apremidi. Palmante yo vekse akoz yon lwa Prezidan Emmanuel Macon apwouve san yo pa vote sou li, pou ogmante laj retret la de 62 zan a 64 an.

Se yon ti gwoup santris ki gen sipo yon kowalisyon gochis ki te prezante premye mosyon non-konfyans la.

Gen 278 palmante ki vote an fave mosyon sa a - ki se mwens pase majorite 287 vwa ki te nesese pou l pase.

Ekstrem dwat la te prezante dezyem mosyon non-konfyans la ke yo te konsidere pi ta nan apremidi a. Li te echwe tou.

Fatra anpile nan lari Paris, Lendi 20 Mas, 2023.
Fatra anpile nan lari Paris, Lendi 20 Mas, 2023.

Puiske tou le 2 vot yo echwe, peyi La Frans pral adopte pwoje lwa sou pansyon an.

Pwoje lwa sa a deklanche plizye manifestasyon nan gran vil Franse yo kote pep la fe konnen li pa apiye desizyon Prezidan Macron.

Okenn mezi konsa poko janm kraze gouvènman an depi ane 1962.

XS
SM
MD
LG